BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp17 no 1 p. 5-6
  • Ki sa ki kapab fè lekti a enteresan?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa ki kapab fè lekti a enteresan?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Kiyès ki te mete chapit ak vèsè nan Bib la?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Kèk Konsèy Sou Fason Pou n Etidye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Ki sa w ka fè pou sa w li nan Bib la pi itil ou?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Yon liv ou dwe konprann
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
wp17 no 1 p. 5-6
Yon dam k ap fè lekti Labib pandan l ap sèvi ak zouti ki ede moun etidye Labib

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | FASON NOU KA PI BYEN PWOFITE LEKTI LABIB N AP FÈ

Ki sa ki kapab fè lekti a enteresan?

Èske w twouve li Labib raz oswa ankourajan? Ki jan lekti Labib kapab itil ou? Anfèt, sa depann anpil de etadespri w parapò ak lekti w ap fè a. Ann wè sa w ka fè pou w ka vin plis anvi li Bib la toutpandan w ap pran plezi fè sa.

Chwazi yon tradiksyon ou ka fè konfyans e ki ekri yon fason ki fasil pou moun konprann jodi a. Si w ap li yon liv ki difisil anpil pou w konprann oswa ki gen anpil mo ladan l ki ansyen ou pa abitye avèk yo, ou ka pa anvi li liv sa a ankò. Donk, chèche yon Bib ki gen yon langaj ki fasil pou moun konprann e ki ka touche kè w. Anplis de sa, li dwe presi e li dwe byen traduia.

Sèvi ak teknoloji. Jodi a, nonsèlman w ka jwenn Labib sou fòm enprime, men tou, ou ka jwenn li sou fòma elektwonik. Gen kèk Bib ou ka li sou Entènèt oubyen ou ka telechaje pou w li sou òdinatè w, sou tablèt ou oubyen sou selilè w. Gen vèsyon ki ba w posiblite pou w verifye lòt vèsè ki gen rapò ak menm sijè a byen rapid oubyen yo ka menm ba w posiblite pou w konpare plizyè tradiksyon ansanm. Si w prefere koute pase fè lekti, ou ka jwenn Labib sou fòma odyo. Gen anpil moun ki renmen koute Bib la lè yo nan transpò piblik, lè y ap fè lesiv oubyen lè y ap fè yon lòt bagay ki pèmèt yo koute anmenmtan. sa w panse si w ta eseye metòd k ap pi bon pou ou a?

Sèvi ak zouti ki ka ede w etidye Labib. Zouti ki ka ede w etidye Labib yo ka pèmèt ou pi byen pwofite lekti w ap fè a. Gen kat ki montre peyi yo pale de yo nan Bib la, k ap ede w gen yon ide sou zòn yo mansyone nan lekti w ap fè yo e sa ap pèmèt bagay yo pi klè nan tèt ou. Gen yon seri atik, tankou atik ki nan peryodik sa a oswa ki nan seksyon “Sa Bib la anseye” a ki sou sit Entènèt jw.org la ki ka ede w konprann plizyè pati nan Bib la.

Varye metòd ou yo. Si li parèt difisil pou w li Labib depi nan kòmansman rive nan fen an, sa w panse si w ta li yon pòsyon w renmen anpil pou sa ka ankouraje w li plis? Si w vle konnen moun yo plis pale de yo nan Bib la, ou ta ka fè yon lekti ki baze sou istwa moun sa yo. W ap jwenn yon egzanp sou fason w ka fè sa nan kare ki mache ak atik sa a ki gen tit “Fouye nan Bib la epi aprann konn moun ki ladan l yo”. Oswa ou ka vle li Labib sijè pa sijè, oswa nan lòd evènman yo te pase yo. Sa w panse si w ta eseye youn nan sijesyon yo bay yo?

a Gen anpil moun ki twouve Labib — Tradiksyon monn nouvo a se yon tradiksyon ki egzak e ki vrèman fasil pou moun li. Tradiksyon Labib Temwen Jewova yo disponib nan plis pase 130 lang. Ou ka telechaje yon kopi sou sit Entènèt jw.org la oswa ou ka telechaje aplikasyon JW Library a. Oubyen yon Temwen Jewova ka pote yon kopi enprime pou ou lakay ou, si w prefere sa.

FOUYE NAN BIB LA EPI APRANN KONN MOUN KI LADAN L YO

Kèk medam ki te fidèl

Abigayil

1 Samyèl chapit 25

Ana

1 Samyèl chapit 1-2

Estè

Estè chapit 2-5, 7-9

Mari

(Manman Jezi) Matye chapit 1-2; Lik chapit 1-2; gade tou Jan 2:1-12; Travay 1:12-14; 2:1-4

Rahab

Jozye chapit 2, 6; gade tou Ebre 11:30, 31; Jak 2:24-26

Rebeka

Jenèz chapit 24-27

Sara

Jenèz chapit 17-18, 20-21, 23; gade tou Ebre 11:11; 1 Pyè 3:1-6

Kèk mesye ki te bay bèl egzanp

Abraram

Jenèz chapit 11-24; gade tou 25:1-11

David

1 Samyèl chapit 16-30; 2 Samyèl chapit 1-24; 1 Wa chapit 1-2

Jezi

Bon nouvèl la selon Matye, Mak, Lik ak Jan

Moyiz

Egzòd chapit 2-20, 24, 32-34; Nonb chapit 11-17, 20, 21, 27, 31; Detewonòm chapit 34

Noye

Jenèz chapit 5-9

Pòl

Travay chapit 7-9, 13-28

Pyè

Matye chapit 4, 10, 14, 16-17, 26; Travay chapit 1-5, 8-12

ZOUTI TEMWEN JEWOVA YO FÈ POU EDE MOUN ETIDYE LABIB

  • JW.ORG — Sit Entènèt sa a gen plizyè zouti ladan l pou moun ka fouye nan Bib la, sa gen ladan l seksyon “Repons Bib la bay” la. Li bay enstriksyon tou sou fason pou moun telechaje aplikasyon JW Library a.

  • “Voyez le bon pays” — Bwochi sa a gen yon pakèt kat ak foto ki montre peyi ak lòt kote yo mansyone nan Bib la.

  • Étude perspicace des Écritures — Se yon ansiklopedi biblik ki gen de tòm, ki bay esplikasyon sou moun Bib la pale de yo, zòn ak ekspresyon ki nan Bib la.

  • “Toute Écriture est inspirée de Dieu et utile” — Liv sa a bay esplikasyon sou ki lè yo te ekri chak liv nan Bib la, ki kote ak pou ki rezon yo te ekri yo. Epi li bay yon rezime sou sa k nan chak liv.

  • La Bible: Parole de Dieu ou des hommes? — Se yon ti liv yo te ekri apre bonjan rechèch, li bay prèv ki montre Labib se Pawòl Bondye enspire toutbon.

  • La Bible: quel est son message? — Se yon bwochi ki gen 32 paj ki bay yon rezime sou tèm prensipal Bib la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje