BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp17 no 2 p. 6-7
  • Ki jan w ap reyaji devan gwo kado sa a?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan w ap reyaji devan gwo kado sa a?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Ranson an: pi gwo kado Bondye bay
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Ranson an: pi gwo kado Bondye bay la
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Jezi Kris: Ki efè mesaj li a gen sou ou?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Ki sa k fè kado Bondye bay la gen tout valè sa a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
wp17 no 2 p. 6-7
Yon fi k ap fè etid nan Bib la

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE W AP AKSEPTE PI GWO KADO BONDYE BAY LA?

Ki jan w ap reyaji devan gwo kado sa a Bondye bay la?

“Lanmou Kris la genyen an oblije nou fè sa [...]. Li te mouri pou tout moun, yon fason pou moun k ap viv yo pa viv pou tèt yo ankò, men pou yo viv pou sila a ki te mouri pou yo a.” — 2 Korentyen 5:14, 15.

LÈ NOU resevwa yon kado ki gen anpil valè, nòmalman, sa pouse n montre nou rekonesan. Jezi te montre enpòtans sa genyen apre l te fin geri dis mesye ki te gen yon maladi terib ki pa t gen tretman nan epòk la. Gen youn nan mesye yo, lè l wè l geri, li “retounen [kot Jezi] toutpandan l ap bay Bondye glwa byen fò”. Men sa Jezi te di l: “Se nou toule dis ki geri, pa vre? Men, kote nèf lòt yo?” (Lik 17:12-17). Ki leson nou aprann nan sa? Se pa ti fasil sa fasil pou nou bliye bèl aksyon lòt moun fè anvè nou!

Ranson an se yon kado ki pa gen parèy. Anfèt, se pi gwo kado nou te ka resevwa. Nan ka sa a, ki jan w ta dwe reyaji parapò ak kado sa a Bondye ba w la?

  • Aprann konnen Moun ki bay li a. Lèzòm pap annik jwenn lavi ki pap janm fini an grasa ranson an san yo pa fè okenn efò pou sa. Okontrè, men sa Jezi te di pandan l t ap priye Bondye: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” (Jan 17:3). Si w ta vin aprann gen yon mesye ki te sove lavi w pandan w te timoun, èske w pa t ap renmen konnen plis bagay sou mesye sa a ak rezon ki fè l te sove lavi w la? Se Jewova Dye ki bay ranson an, kado ki sove lavi nou an. Nonsèlman Jewova vle nou konnen kiyès li ye, men tou, li ta renmen nou vin gen yon relasyon sere sere avè l. Men sa Bib la fè konnen: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — Jak 4:8.

  • Yon fi k ap priye

    Demontre lafwa nan ranson an. “Moun ki demontre l gen lafwa nan Pitit la ap gen lavi ki pap janm fini an.” (Jan 3:36). Ki sa sa vle di demontre lafwa? Sa vle di poze aksyon; pou w demontre lafwa nan ranson an, sa mande pou w poze aksyon (Jak 2:17). Ki aksyon konsa? Yon kado vin pou ou, lè w aksepte l. Menm jan an tou, ou dwe fè efò pou w aksepte ranson an. Ki jan w ka fè sa? Ou bezwen aprann fason Bondye vle w mennen lavi w epi ou dwe viv jan l vle aa. Priye Bondye pou w mande l padon e pou w ka gen yon konsyans ki klè. Pwoche bò kote Bondye, toutpandan w kwè ak tout kè w, grasa ranson an, ou gen garanti w ap gen lavi ki pap janm fini an, w ap jwenn sekirite, lapè ak anpil bon bagay Bondye rezève pou tout moun ki gen lafwa nan ranson an. — Ebre 11:1.

  • Yon frè k ap fè diskou Memoryal lanmò Jezi

    Asiste Memoryal lanmò Jezi a. Jezi te etabli yon evènman pou n selebre chak ane yon fason pou l te fè n sonje ranson an. Men ki sa Jezi te di konsènan evènman sa a: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” (Lik 22:19). Temwen Jewova yo ap selebre lanmò Jezi jou k ap madi 11 avril 2017 la, apre solèy la fin kouche. Pwogram nan ap dire anviwon inèdtan e ladan l y ap pale konsènan enpòtans lanmò Jezi genyen ak benediksyon li fè n jwenn kounye a ak lòt benediksyon ankò nou pral jwenn pi devan. Ane ki sot pase a, te gen anviwon 20 milyon moun ki te asiste Memoryal la ansanm avèk nou. Ane sa a, se ak tout kè nou nou envite w vin asiste evènman sa a ansanm avèk nou pou w demontre rekonesans ou pou gwo kado sa a Bondye bay la.

a Pi bon fason pou w aprann konnen Bondye epi vin pwòch avè l se lè w etidye Labib, Pawòl li a. Yon Temwen Jewova kapab ede w nan sans sa a oswa ou ka al sou sit Entènèt nou an ki se www.jw.org/ht.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje