BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp17 no 6 p. 3
  • “Se pi bèl kado mwen te resevwa!”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Se pi bèl kado mwen te resevwa!”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Fason w ka konnen ki pi bon kado pou w bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Ki sa k fè kado Bondye bay la gen tout valè sa a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Yon kado ki pa gen parèy
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Entwodiksyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
wp17 no 6 p. 3
Yon tifi ki kenbe yon ti chen, yon dam avèk yon òdinatè, yon mesye k ap gade yon kat madanm li fè pou li pou anivèsè maryaj yo.

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI PI BÈL KADO OU TE RESEVWA?

“Se pi bèl kado mwen te resevwa!”

Se sa yon tifi ki gen 13 an te di lè yo te fè l kado yon ti chen. Gen yon dam ki reyisi nan kesyon biznis ki di kado ki te chanje lavi l se yon òdinatè papa l te ba li lè l te lekòl. Gen yon mesye ki fè konnen pi bèl kado li te resevwa se yon kat madanm li te fè pou li pou premye anivèsè maryaj yo.

Chak ane, anpil moun pase yon pakèt tan e yo fè gwo efò pou yo konnen ki “pi bèl” kado yo ka bay yon zanmi oswa yon fanmi nan yon okazyon espesyal. E pifò nan yo ta renmen moun yo bay kado yo reyaji menm jan ak moun nou site pi wo yo. E ou menm? Èske w ta renmen bay yon kado moun ap apresye oubyen w ta renmen resevwa yon kado konsa?

Sa t ap bon paske lè w bay yon kado oswa w resevwa youn, sa gen efè ni sou moun ki bay li a ni sou moun ki resevwa l la. Anfèt, Bib la di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” (Travay 20:35). Plis moun ou bay kado a kontan se plis w ap kontan tou.

Kidonk, ki sa w ka fè pou kado w bay la fè ni ou menm ni moun ou bay li a kontan? Si w pa konn ki “pi bèl” kado w ka bay, ki sa w ka fè pou moun apresye kado w bay la kanmenm?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje