BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp17 no 6 p. 12-14
  • Poukisa tout tradiksyon sa yo?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa tout tradiksyon sa yo?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • JAN BIB LA TE YE OKÒMANSMAN
  • TRADIKSYON GRÈK SEPTANT LAN
  • TRADIKSYON LATEN VILGAT LA
  • TE VIN GEN PLIZYÈ LÒT TRADIKSYON
  • Jewova, Bondye ki konn kominike a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Ki sa Bib la ye?
    Repons Bib la bay
  • “Pawòl Bondye nou an la pou toutan”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
wp17 no 6 p. 12-14
Plizyè tradiksyon Labib yo enprime sou papye e ki parèt sou fòma elektwonik tou.

Poukisa tout tradiksyon sa yo?

Poukisa gen tout tradiksyon Labib sa yo jodi a? Èske w konsidere yo kòm yon mwayen pou w konprann Bib la oswa kòm yon obstak ki anpeche w konprann li? Lè w aprann konnen rezon ki fè yo te tradui Bib la, sa kapab ede w gen yon bon pwennvi sou yo.

Pou kòmanse, kiyès ki ekri Bib la e ki lè yo te fè sa?

JAN BIB LA TE YE OKÒMANSMAN

Nòmalman Bib la gen de pati. Premye pati a gen 39 liv ladan l ki gen “deklarasyon sakre Bondye yo”. (Women 3:2.) Bondye te bay yon seri gason fidèl lespri sen pou yo te ekri liv sa yo. Sa te pran yon bon ti tan pou yo fè travay sa a, anviwon 1 100 ane, soti 1513 anvan epòk nou an pou rive kèk tan apre ane 443 anvan epòk nou an. Etandone pifò liv yo te ekri nan lang ebre, nou rele pati sa a Liv ki te ekri ann ebre yo, yo rele l Ansyen Testaman tou.

Dezyèm pati a gen 27 liv e yo se “pawòl Bondye” tou (1 Tesalonisyen 2:13). Bondye te bay disip fidèl Jezi Kris yo lespri sen pou yo te ekri liv sa yo. Sa te pran yo mwens tan, anviwon 60 ane, pou yo fè travay sa a, soti ozanviwon ane 41 epòk nou an pou rive ane 98 epòk nou an. Etandone pifò liv yo te ekri nan lang grèk, nou rele pati sa a Liv ki te ekri an grèk yo, yo rele l Nouvo Testaman tou.

Toude pati sa yo gen 66 liv antou ki fè pati Bib la, mesaj Bondye bay lèzòm nan. Men, poukisa yo te oblije fè lòt tradiksyon Labib? Men twa nan prensipal rezon yo:

  • Pou moun te ka li Bib la nan lang manman yo.

  • Pou korije erè moun ki t ap kopye yo te fè, epi fè tèks ki nan Bib la vin jan l te ye okòmansman an.

  • Pou pase men nan ansyen fason yo te konn pale.

Ann gade jan sa te parèt klè nan de nan premye tradiksyon Labib ki te genyen.

TRADIKSYON GRÈK SEPTANT LAN

Anviwon 300 an anvan Jezi te vin sou tè a, te gen kèk biblis ki te kòmanse tradui Liv ki te ekri ann ebre yo pou mete yo nan lang grèk. Yo te vin rele tradiksyon yo fè a tradiksyon grèk Septant lan. Poukisa yo te fè l? Yo te fè l pou ede anpil Juif ki te pale grèk, men ki pa t pale ebre, pou yo ka ret atache ak sa ki di nan “liv sakre yo”. — 2 Timote 3:15.

Septant lan te ede plizyè milyon moun ki pa t Juif ak moun ki pale grèk pou yo konnen sa Bib la anseye. Sa k fè n di sa? Men sa pwofesè W. F. Howard di: “Apati mitan premye syèk la, se Bib sa a legliz kretyen yo te konn itilize. Misyonè l yo te konn soti nan yon sinagòg al nan yon lòt ‘pou yo pwouve apati Ekriti yo Jezi se Mesi a.’” (Travay 17:3, 4; 20:20). Se youn nan rezon ki fè anpil Juif pa t pran tan, jan F. F. Bruce yon biblis di, pou yo “sispann enterese nan Septant lan”.

Ofiramezi disip Jezi yo t ap resevwa Liv ki te ekri an grèk yo, yo te mete yo ansanm ak tradiksyon grèk Septant lan. Se konsa nou vin gen tout Bib la jodi a.

TRADIKSYON LATEN VILGAT LA

Anviwon 300 an apre nou vin gen tout Bib la, yon biblis ki rele Jerome te tradui Bib la an laten e yo te vin rele l tradiksyon laten Vilgat la. Etandone te deja gen plizyè tradiksyon laten, poukisa li te nesesè pou yo fè yon lòt? Gen yon ansiklopedi (The International Standard Bible Encyclopedia) ki fè konnen Jerome te vle korije “move tradiksyon, erè tout moun te ka wè ak sa yo ajoute oswa retire san nesesite”.

Jerome korije anpil nan fot sa yo. Men rive yon lè, se otorite legliz yo ki fè pi gwo mal la. Yo te fè konnen se tradiksyon laten Vilgat la ki sèl tradiksyon yo apwouve e sa te kontinye konsa pandan plizyè syèk. Olye pou tradiksyon Vilgat la te ede moun ki pa t fè gwo klas yo konprann Bib la, yo pa t konprann anyen menm ladan l paske rive yon lè, pifò moun pa t konprann laten.

TE VIN GEN PLIZYÈ LÒT TRADIKSYON

Pandan tan sa a, te vin gen lòt tradiksyon Labib. Youn nan yo anpil moun byen konnen se tradiksyon Pechita siryak la ki te parèt ozanviwon senkyèm syèk epòk nou an. Men, se apati 14yèm syèk la, apre anpil efò, moun ki pa t fè gwo klas yo te rive jwenn Bib la nan lang manman yo.

Nan peyi Angletè, nan fen 14yèm syèk la, John Wycliffe te kòmanse tradui Bib la ann anglè, yon lang moun nan peyi kote l soti a te ka konprann. Yon ti tan annapre, Johannes Gutenberg te vin ak lòt metòd pou moun enprime, sa ki te vin ede anpil biblis tradui Bib la nan plizyè lòt lang epi distribye yo toupatou ann Ewòp.

Lè te vin gen divès tradiksyon Labib nan lang anglè, moun ki te konn ap fè deba sou Bib la te wè l nesesè pou gen lòt tradiksyon nan menm lang nan. Men sa John Lewis, yon manm klèje nan 18yèm syèk la, te ekri: “Lang evolye e yo vin difisil pou moun konprann, se sa k fè li nesesè pou yo revize ansyen tradiksyon yo epi itilize yon langaj moun ka konprann jodi a.”

Jodi a plis pase nenpòt lòt lè, biblis yo pi byen plase pou yo revize ansyen tradiksyon yo. Yo vin pi byen konprann lang yo te ekri Bib la nan tan lontan e sa pa gen twò lontan yo te jwenn bonjan maniskri. Sa ede yo pi byen wè ki jan Bib la te ye okòmansman.

Kidonk, gen bonjan rezon pou gen nouvo tradiksyon Labib yo. Nòmalman, nou bezwen fè atansyon ak kèk nan yoa. Men si se bonjan lanmou ki pouse moun k ap revize l yo fè travay sa a, li kapab itil nou anpil.

Pou w ka li Labib nan pwòp lang pa w sou Entènèt oubyen sou aparèy elektwonik ou, ale sou sit Entènèt www.jw.org, gade anba ribrik PIBLIKASYON > LABIB.

a Gade atik ki gen tit “Comment choisir une bonne traduction de la Bible?” ki te parèt nan Toudegad 1ye me 2008 (fransè).

NON BONDYE SAKRE E LI NAN BIB LA

Non Bondye nan yon ti moso maniskri Septant lan ki la depi nan epòk Jezi a.

Non Bondye ki parèt nan yon ti moso maniskri Septant lan ki te la depi nan epòk Jezi.

Jewova se non Bondye e se yon non ki sakre. Nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a yo mete non sa a ni nan Liv ki te ekri ann ebre yo ni nan Liv ki te ekri an grèk yo. Pifò tradiksyon Labib ki ann anglè jodi a pa mete l. Yo mete “Seyè” nan plas li pito. Yo fè konnen se paske Tetragram (YHWH) la pa t parèt nan Septant lan, ki se yon tradiksyon Liv ki te ekri ann ebre yo nan lang grèk. Men, èske se vre?

Nan mitan 20yèm syèk la, yo te jwenn kèk ansyen ti moso maniskri Septant lan ki te la depi nan epòk Jezi a e ki egziste toujou. Ti moso maniskri sa yo gen non Bondye ladan yo ki ekri nan lang ebre. Sanble, annapre, moun ki te konn kopye Pawòl Bondye a te retire non Bondye e yo te mete Kiriyòs nan plas li, yon mo grèk ki vle di “Seyè”. Labib — Tradiksyon monn nouvo a remete non Bondye nan plas li nan Bib la.

ÈSKE YO CHANJE PAWÒL KI NAN BIB LA?

Woulo lanmè Mòt Ezayi a.

Yon woulo Ezayi yo jwenn bò Lanmè Mòt la ki la depi 2 000 an. Pawòl ki ladan l yo sanble tèt koupe ak pawòl nou jwenn nan Bib la jodi a.

Se vre, moun ki te konn kopye Labib yo te fè erè. Men okenn nan erè sa yo pa chanje mesaj ki nan Bib la. Men sa yon liv fè konnen: “Pa gen okenn nan kwayans de baz lafwa kretyen yo ki chita sou erè yo jwenn lè y ap fè lekti.” — Our Bible and the Ancient Manuscripts.

Juif ki te konn kopye Labib yo te konn fè mwens erè. Gen yon liv ki fè konnen “eskrib juif yo nan premye syèk la te konn kopye epi rekopye Liv ki te ekri ann ebre yo ak anpil presizyon”. — Second Thoughts on the Dead Sea Scrolls.

Pa egzanp, pami woulo yo te jwenn nan zòn Lanmè Mòt yo, yo jwenn yon woulo liv Ezayi a ki te la 1 000 an anvan woulo yo te deja genyen yo. Ki diferans ki genyen ant tèks sa yo ak tèks ki la jodi a? Men sa yon liv fè konnen: “Se yon lè konsa yo ajoute oswa retire nan ansyen mo yo.” — The Book. A History of the Bible.

Jodi a, li byen fasil pou yo idantifye oswa korije erè yon seri moun ki te konn kopye Bib la te fè akoz yo pa t fè atansyon, nou vle pale de erè tankou chanje lèt plas, chanje mo oswa ekspresyon plas. Men sa yon liv fè konnen: “Pami tout ansyen ouvraj yo se Nouvo Testaman an moun ka plis fè tèks ki ladan l yo konfyans.” — The Books and the Parchments.

‘Kwayan k ap enkyete yo depase limit kapab gen yon asirans total tèks ki te la depi nan epòk kote yo te konn kopye tèks biblik sou papiris ann Ejip yo prèske sanble tèt koupe ak tèks la piske menmsi moun kopye epi rekopye yo pandan plizyè fwa oswa enprime yo ann Ewòp plizyè fwa, li toujou gen anpil presizyon.’ — The Book. A History of the Bible.

Kidonk, èske yo chanje pawòl ki nan Bib la? Repons lan se non!

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje