BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w17 me p. 17-21
  • Pa kite lanmou w genyen an vin rafredi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pa kite lanmou w genyen an vin rafredi
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • LANMOU POU JEWOVA
  • LANMOU POU VERITE KI NAN BIB LA
  • LANMOU POU FRÈ N YO
  • Renmen Bondye ki renmen w lan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • “Se pou nou kontinye mache nan lanmou”
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • “Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Annou kiltive lanmou ki pa janm fayi a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
w17 me p. 17-21
Kretyen yo nan premye syèk la k ap preche bon nouvèl la.

Pa kite lanmou w genyen an vin rafredi

“Akoz mechanste k ap ogmante, lanmou pifò moun ap vin rafredi.” — MAT. 24:12.

KANTIK: 60, 135

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki sa n ka fè pou lanmou nou gen pou Jewova a ret djanm?

  • Ki jan n ka vin gen plis lanmou pou verite ki nan Bib la?

  • Poukisa l enpòtan pou n gen afeksyon pou frè n yo?

1, 2. a) Ki moun pawòl Jezi te di nan Matye 24:12 la konsène toudabò? b) Ki jan liv Travay la montre pifò kretyen nan premye syèk la te kontinye montre yo gen lanmou? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

YOUN nan aspè nan siy Jezi te bay konsènan “fen sistèm nan” se te “lanmou pifò moun [ki t ap] vin rafredi”. (Mat. 24:3, 12.) Nan premye syèk la, gen Juif ki te fè konnen yo fè pati pèp Bondye a ki te kite lanmou yo gen pou Bondye vin rafredi.

2 Yon lòt bò, pifò kretyen nan epòk sa a te okipe nan “anonse bon nouvèl konsènan Kris la” e yo te kontinye montre yo gen lanmou pou Bondye, pou kretyen parèy yo ak pou moun ki pa kwayan yo (Tra. 2:44-47; 5:42). Aktout sa, gen kèk nan disip Jezi yo nan premye syèk la ki te kite lanmou yo vin rafredi.

3. Ki sa petèt ki te lakòz lanmou kèk kretyen vin rafredi?

3 Men sa Jezi Kris ki resisite te di kretyen nan premye syèk la ki t ap viv nan vil Efèz yo: “Sa mwen gen kont ou, sèke ou pèdi lanmou w te genyen okòmansman an.” (Rev. 2:4). Ki youn nan rezon petèt ki te lakòz sa? Petèt disip Kris sa yo ki t ap viv nan premye syèk la te kite lespri monn nan ki fikse sou bagay lachè gen enfliyans sou yo (Efe. 2:2, 3). Menm jan ak anpil vil jodi a, vil Efèz nan premye syèk la te gen anpil move bagay ki t ap fèt ladan l. Se te yon vil ki te bèl e ki te rich anpil, kote moun yo te bay liks, plezi ak konfò anpil enpòtans. Sa klè, plezi egoyis te pran plas lanmou ki pa egoyis la. Anplis de sa, konduit derespektan ak aksyon imoral ki grav anpil te gaye toupatou.

4. a) Nan ki sans lanmou moun yo genyen an vin rafredi nan epòk nou an? b) Bay twa domèn kote lanmou nou ka pase anba eprèv.

4 Pwofesi Jezi te bay konsènan lanmou ki t ap vin diminye a aplikab nan epòk nou an. Jodi a, moun yo kontinye gen mwens lanmou pou Bondye. Gen plizyè milyon moun ki vire do bay Bondye e ki met espwa yo nan òganizasyon lèzòm yo pou rezoud pwoblèm limanite. Pou rezon sa a, lanmou kontinye ap vin rafredi pami moun ki pap adore Jewova Dye yo. Sepandan, menm jan sa te ye pou kongregasyon Efèz nan premye syèk la, jodi a, gen kèk vrè kretyen ki ka vin kè pòpòz e yo ka kite lanmou yo genyen an vin febli. Kounye a, nou pral egzamine twa domèn kote lanmou nou ka pase anba eprèv: 1) Lanmou pou Jewova, 2) lanmou pou verite ki nan Bib la, e 3) lanmou pou frè n yo.

LANMOU POU JEWOVA

5. Poukisa nou dwe renmen Bondye?

5 Anvan sa, nan menm jou Jezi te avèti disip li yo pou yo pa pèdi lanmou yo genyen an, li te atire atansyon yo sou lanmou ki pi enpòtan an. Men sa l te di yo: “‘Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou.’ Sa a se pi gwo kòmandman an, e se premye a.” (Mat. 22:37, 38). Vrèmanvre, si n renmen Jewova anpil, sa ap ede n obeyi kòmandman l yo, sa ap ede n andire e sa ap ede n rayi sa ki mal. (Li Sòm 97:10.) Sepandan, Satan ak monn li an ap fè tout sa yo kapab pou yo fè lanmou nou gen pou Bondye a vin febli.

6. Ki sa k ap rive si yon moun pèdi lanmou l gen pou Bondye a?

6 Monn n ap viv ladan l lan gen yon move pwennvi sou lanmou. Olye moun yo chèche gen lanmou pou Kreyatè a, yo “renmen pwòp tèt yo”. (2 Tim. 3:2.) Monn sa a Satan ap dirije a bay “dezi lachè, dezi je ak egzibisyon yon moun ap fè ak mwayen l genyen pou l viv” anpil enpòtans (1 Jan 2:16). Apot Pòl te avèti kretyen parèy li yo kont danje ki genyen nan plezi lachè. Men sa l te di yo: “Moun ki fikse panse yo sou lachè ap jwenn lanmò, [paske] moun ki fikse panse yo sou lachè vin ènmi Bondye.” (Wom. 8:6, 7). Sa klè, moun ki pase tout vi yo ap kouri dèyè bagay materyèl oswa k ap chèche satisfaksyon nan plezi seksyèl konn pa jwenn sa yo te espere a e yo konn soufri anpil. — 1 Kor. 6:18; 1 Tim. 6:9, 10.

7. Ak ki danje moun k ap suiv Kris yo ap fè fas jodi a?

7 Nan kèk peyi, kit se moun ki di yo ate, kit se moun ki di yo pa kwè nan Bondye ak moun ki kwè nan evolisyon, yo tout ap gaye yon seri ide nonsèlman pou fè moun pa gen lanmou pou Bondye, men tou, pou fè yo pa kwè nan li. Yo reyisi fè anpil moun kwè se sèl moun ki egare oswa ki pa entèlijan ki kwè gen yon Kreyatè. Mete sou sa, yo admire syantifik yo anpil, sa ki fè moun vin pa enterese nan Kreyatè nou an (Wom. 1:25). Si n koute ansèyman sa yo, sa ka fè n vire do bay Jewova e sa ka fè lanmou nou genyen an vin rafredi. — Ebre 3:12.

8. a) Ki sitiyasyon ki kapab fè anpil moun nan pèp Jewova a dekouraje? b) Ki asirans nou jwenn nan Sòm 136?

8 Si n kite dekourajman pote n ale, sa ka fè lafwa nou vin febli e sa ka lakòz lanmou nou gen pou Bondye a vin rafredi. Nan sistèm mechan sa a ki anba kontwòl Satan, pafwa, nou tout konn jwenn sitiyasyon ki konn fè n dekouraje (1 Jan 5:19). Petèt n ap fè fas ak pwoblèm vyeyès, ak pwoblèm sante oswa ak pwoblèm ekonomik. Oswa nou ka ap soufri akoz nou pa ka fè tout sa n ta vle fè, akoz sa n t ap tann yo pa reyalize oswa akoz pwòp feblès nou. Men, nou pa dwe janm kite sitiyasyon sa yo oswa santiman sa yo fè n kwè Jewova abandone n. Okontrè, nou dwe medite sou kèk pawòl ki ban nou asirans lanmou Jewova gen pou nou an ap la pou toutan. Nou jwenn pawòl sa yo nan Sòm 136:23. Men sa vèsè a di: “Li te sonje nou lè yo te imilye nou, paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.” Vrèmanvre, lanmou fidèl Jewova gen pou sèvitè l yo pap janm chanje. Se sa k fè n kapab gen asirans li tande lè n ‘sipliye l pou n mande l sekou’ e l reponn nou. — Sòm 116:1; 136:24-26.

9. Ki sa k te bay Pòl fòs pou l kontinye gen lanmou pou Bondye?

9 Menm jan ak moun ki te ekri sòm nan, Pòl te jwenn fòs lè l reflechi sou fason Jewova toujou ede l. Men sa Pòl te ekri: “Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m?” (Ebre 13:6). Konfyans solid sa a Pòl te gen nan fason Jewova te pran swen l avèk lanmou te ede l andire anba pwoblèm ki gen nan lavi a. Li pa t kite sitiyasyon difisil yo fè l pèdi fòs. Anfèt, aktout Pòl te nan prizon, li te ekri plizyè lèt ankourajan (Efe. 4:1; Flp. 1:17; Flm. 1). Vrèmanvre, menm lè Pòl t ap sibi eprèv ki rèd anpil, li te kontinye gen lanmou pou Bondye. Ki sa k te ba l fòs pou l fè sa? Li te kontinye konte sou “Bondye tout konsolasyon an, ki konsole nou nan tout eprèv nou yo”. (2 Kor. 1:3, 4.) Ki jan n ka imite egzanp Pòl e ki sa n ka fè pou lanmou nou gen pou Jewova a ret djanm?

Yon sè k ap priye.

Demontre lanmou pou Jewova. (Gade paragraf 10.)

10. Ki sa n ka fè pou lanmou nou gen pou Jewova a ret djanm?

10 Se Pòl li menm ki te bay youn nan prensipal fason nou ka fè lanmou nou gen pou Jewova a ret djanm. Men sa l te ekri kwayan parèy li yo: “Priye toutan.” Annapre, li te ekri: “Pèsevere nan lapriyè.” (1 Tes. 5:17; Wom. 12:12). Kominike ak Bondye nan lapriyè se baz pou yon moun vin gen yon relasyon sere avè l (Sòm 86:3). Lè n rezève ase tan pou n fè Jewova konn panse ak santiman nou genyen ki pi pwofon yo, sa ap fè n vin pi pwòch ak Papa nou ki nan syèl la ki konn “tande lapriyè”. (Sòm 65:2.) Anplis de sa, lè n rive wè jan Jewova reponn priyè nou yo, nou vin gen plis lanmou pou li. Nou vin rann nou kont pi plis toujou “Jewova toupre tout moun ki rele l”. (Sòm 145:18.) Konfyans sa a nou genyen nan fason Jewova pran swen nou avèk lanmou ap ede n fè fas ak lòt bagay ki pral pase lafwa nou anba eprèv.

LANMOU POU VERITE KI NAN BIB LA

11, 12. Ki jan n ka vin gen plis lanmou pou verite ki nan Bib la?

11 Antanke kretyen, nou renmen laverite anpil e nou aksepte l. Pawòl Bondye a se prensipal sous laverite. Men sa Jezi te di pandan l t ap priye Papa l: “Pawòl ou se laverite.” (Jan 17:17). Kidonk, nou kòmanse gen lanmou pou laverite lè n chèche gen yon konesans egzak sou Pawòl Bondye a (Kol. 1:10). Men, sa mande plis pase annik gen yon konesans entèlektyèl. Gade ki jan moun Bondye te enspire pou ekri Sòm 119 la ede n konprann ki sa renmen verite ki nan Bib la vle di. (Li Sòm 119:97-100.) Èske n konn pran tan pou n reflechi oswa pou n medite sou kèk vèsè nan Bib la pandan jounen an? N ap vin pi renmen verite ki nan Bib la lè n medite sou fason n ap jwenn byenfè lè n aplike l nan lavi nou.

12 Men sa moun ki te ekri sòm nan te di: “Ala dous sa w di yo dous nan bouch mwen! Yo pi dous pase siwo myèl.” (Sòm 119:103). Menm jan an tou, nou kapab pran gou bon manje espirityèl ki baze sou Bib la òganizasyon Bondye a ban nou. Nan yon sans senbolik, nou kapab kite l fè yon bon ti tan nan bouch nou yon fason pou n ka sonje “bèl pawòl” verite a e pou n ka itilize l pou n ede lòt moun. — Ekl. 12:10.

13. Ki sa k te ede Jeremi pou l renmen verite ki nan Ekriti yo, e ki efè sa te gen sou li?

13 Pwofèt Jeremi te renmen verite ki nan Ekriti yo. Gade ki efè pawòl Bondye te di yo te gen sou kè l. Li te di: “Lè m te resevwa pawòl ou yo, mwen te manje yo. Yo te fè kè m kontan anpil. Paske, mwen pote non w, o Jewova Dye, Chèf lame yo.” (Jer. 15:16). Nan yon sans senbolik, Jeremi te manje pawòl Bondye yo ki gen anpil valè e l te dijere yo lè l te medite sou yo. Konsa, li te vin gen yon gwo apresyasyon pou privilèj li te genyen pou l pote non Bondye. Èske lanmou nou gen pou verite ki nan Bib la pouse n rekonèt privilèj san parèy nou genyen pou n pote non Bondye e pou n preche Wayòm li an nan tan lafen an?

Yon sè k ap li kèk vèsè nan Bib la e k ap medite sou yo.

Demontre lanmou pou verite ki nan Bib la. (Gade paragraf 14.)

14. Ki jan n ka vin gen plis lanmou pou verite ki nan Bib la?

14 Anplis lekti nou fè nan Bib la ak nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la, ki lòt fason ankò nou ka vin gen plis lanmou pou verite ki nan Bib la? Nou ka vin gen plis lanmou pou verite ki nan Bib la lè n asiste reyinyon nan kongregasyon an regilyèman. Etid Labib nou fè chak semèn nan Toudegad la se prensipal mwayen nou jwenn ansèyman. Pou n rive byen konprann sijè y ap egzamine yo, nou bezwen byen prepare chak etid Toudegad. Youn nan fason n ka fè sa se lè n chèche vèsè biblik yo bay kòm referans yo. Kounye a, nou ka telechaje peryodik Toudegad la sou sit jw.org la oswa n ka gade l sou aplikasyon JW Library a nan anpil lang. Gen kèk fòma elektwonik ki pèmèt nou jwenn vèsè yo byen vit nan chak atik etid. Men, kèlkeswa metòd nou itilize, lè n pran san n pou n byen li vèsè sa yo e n medite sou yo, n ap vin gen plis lanmou pou verite ki nan Bib la. — Li Sòm 1:2.

LANMOU POU FRÈ N YO

15, 16. a) Selon Jan 13:34, 35, ki obligasyon nou genyen? b) Ki lyen ki genyen ant lanmou nou gen pou frè nou yo ak lanmou nou gen pou Bondye ak pou Bib la?

15 Nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a, men sa l te di disip li yo: “M ap ban nou yon nouvo kòmandman: Se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” — Jan 13:34, 35.

16 Gen yon lyen ant lanmou nou gen pou frè n ak sè n yo ak lanmou nou gen pou Jewova a. Anfèt, nou pa ka gen youn san lòt. Men sa apot Jan te ekri: “Yon moun ki pa renmen frè l li wè pa ka renmen Bondye li pa wè.” (1 Jan 4:20). Anplis de sa, gen yon lyen ant lanmou nou gen pou Jewova ak pou frè n ak sè n yo ak lanmou nou gen pou Bib la. Sa k fè sa? Se paske lanmou nou gen pou verite ki nan Bib la pouse n obeyi ak tout kè n kòmandman nou jwenn nan Ekriti yo ki mande pou n renmen Bondye e pou n renmen frè nou yo. — 1 Pyè 1:22; 1 Jan 4:21.

Yon sè k ap fè yon reparasyon nan kay yon sè ki aje.

Demontre lanmou pou frè n ak sè n yo. (Gade paragraf 17.)

17. Bay kèk fason nou ka demontre lanmou.

17 Li 1 Tesalonisyen 4:9, 10. Ki kèk egzanp nou genyen sou fason nou ka demontre lanmou nan kongregasyon an? Yon frè oswa yon sè ki aje gendwa bezwen mwayen transpò pou l al nan reyinyon. Yon vèv gendwa bezwen yo ede l fè kèk reparasyon nan kay li (Jak 1:27). Frè ak sè nou yo, jèn kou granmoun, ki dekouraje oswa ki deprime oubyen k ap fè fas ak lòt difikilte bezwen nou ba yo atansyon, ankourajman ak rekonfò (Pwo. 12:25; Kol. 4:11). Nou montre n renmen frè n ak sè n yo toutbon lè n pale ak yo ak lè n aji anvè yo yon fason ki montre n gen bonjan sousi pou “moun ki fanmi nou nan lafwa”. — Gal. 6:10.

18. Ki sa k ap ede n pase sou ti pwoblèm nou gen ak kwayan parèy nou?

18 Labib te anonse nan “dènye jou” sistèm mechan sa a anpil moun t ap vin egoyis e yo t ap vin ava (2 Tim. 3:1, 2). Se sa k fè, antanke kretyen, nou dwe fè anpil efò pou n vin gen plis lanmou pou Bondye, pou verite ki nan Bib la e pou n vin gen plis lanmou youn pou lòt. Se vre, pafwa nou ka gen kèk ti pwoblèm ak kwayan parèy nou. Men, se pa ti byenfè tout moun nan kongregasyon an jwenn lè lanmou pouse n regle kèlkeswa mezantant nou genyen avèk tandrès (Efe. 4:32; Kol. 3:14)! Kidonk, pinga nou janm kite lanmou nou genyen an vin rafredi! Okontrè, ann kontinye vin gen plis lanmou pou Jewova, pou Pawòl li a ak pou frè n yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje