Entwodiksyon
ÈSKE BONDYE ENTERESE NAN OU?
Lè malè rive, lè moun ap soufri oswa lè moun mouri, nou ka ap mande tèt nou si Bondye wè sa oswa si sa pa di l anyen. Men sa Bib la di:
“Paske, je Jewova sou moun ki jis yo e zòrèy li ap koute siplikasyon yo fè. Men, Jewova vire do bay moun k ap fè sa ki mal.” — 1 Pyè 3:12.
Peryodik sa a montre jan Bondye ede nou ak sa l pral fè pou l retire tout kalite soufrans.