BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/98 p. 7
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 1998
  • Sou menm sijè a
  • Pa bliye inaktif yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • “Tounen vin jwenn mwen”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Annou pa pèdi tan pou nou ede yo retounen !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 1998
km 11/98 p. 7

Repons kesyon w yo

◼ Èske li apwopriye toujou pou nou fè yon etid biblik ak yon frè oubyen yon sè inaktif, lè yon manm komite sèvis kongregasyon an mande nou sa ?

Ansyen yo gen reskonsablite pou yo pran swen kongregasyon an, ansanm ak moun ki vin inaktif. Yo vizite moun sa yo epi yo chèche wè ki èd pèsonèl yo bezwen. Sa ka vle di ofri inaktif la yon etid biblik pèsonèl, si sa nesesè. Liv Organisés pour bien remplir notre ministère, nan paj 103, di se komite sèvis kongregasyon an ki ta dwe deside ki moun k ap benefisye dispozisyon sa a.

Siveyan sèvis la ap chèche pou li wè kiyès ki ka bay èd sa a pi byen, ki sijè yo ta dwe etidye epi ki piblikasyon k ap pi apwopriye. Petèt moun ki te etidye avèk moun ki vin inaktif la, oubyen yon moun li konnen e li respekte, ta ka apwopriye pou ede li. Yo kapab mande yon sè kalifye ki gen matirite, pou li ede yon sè inaktif. Jeneralman, li pa nesesè pou yon lòt pwoklamatè akonpaye moun k ap dirije etid la. Pwoklamatè yo deziyen pou fè etid la gen dwa kontwole lè a, vizit yo ansanm ak etid la. — Gade nan Le ministère du Royaume novanm 1987, paj 1-2.

Etandone etidyan an se yon moun ki batize, etid la pa bezwen kontinye pandan lontan. Objektif la se ede inaktif la rekòmanse asiste tout reyinyon kongregasyon an epi ede l vin yon pwoklamatè regilye bon nouvèl la. Siveyan sèvis la gen pou li kontwole pwogrè etid sa yo. Kòm rezilta, èd sa a ki chaje lanmou, ta dwe pèmèt frè ak sè sa yo pran reskonsablite yo devan Jewova epi vin “ anrasinen, byen chita ” ak yon bon baz nan laverite. — Efezyen 3:17 ; Galat 6:5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje