Ann ofri Traduction du monde nouveau
1 “ Traduction du monde nouveau a se yon gwo trezò. Li vivan, li kapte lektè a e li fè l reflechi. Se pa travay mesye Hotkritik yo, se travay savan ki fè Bondye ak pawòl li a onè. ” Se sa yon gwo kòmantatè ebre ak grèk te deklare. Nou dakò avèk li. Ki jan nou kapab ede lòt moun apresye Traduction du monde nouveau a menm jan an pandan n ap ofri li ak liv Connaissance la nan mwa desanm nan ?
2 Gen moun ki ka reponn : “ Mwen gen yon Bib deja. Mwen pa bezwen yon lòt. ” Defi pou nou leve a se fè moun yo konprann Traduction du monde nouveau a pa senpman yon lòt Bib. Se yon tradiksyon literal nan yon langaj modèn, ki konsève sans egzak tèks orijinal la. Nou ka demontre siperyorite li lè nou konpare tradiksyon mo tankou “ crèche ” (Bible de Segond) avèk “ mangeoire ” (Traduction du monde nouveau) nan Lik 2:7.
3 Sepandan, nan ti gwoup moun ki li Labib, se yon tikras ki rive konprann prensip li bay pou lavi chak jou. Moun sa yo bezwen konnen Pawòl Bondye a kapab gen yon enfliyans pozitif sou lavi yo. E lè yo suiv konsèy li yo sou sa ki onèt, sa k moral ak sou lavi fanmi, sa ka ede yo fè fas ak pwoblèm yo. Ki jan nou ka montre yo sa ?
4 Men yon prezantasyon nou sijere : “ Lè n ap gade kouman prensip moral yo chanje yon sèl kou jounen jodi a, ak ensètitid ki vin genyen sou jan demen ap ye, èske ou pa panse nou bezwen yon bonjan gid nan lavi nou ? [kite moun nan reponn.] Malgre Bib la se liv ki pi ansyen, li genyen konsèy pratik pou lavi jodi a, ak konsèy pou fanmi yo ka viv ere. ” Ouvè liv Connaissance la nan chapit 2 epi li paragraf 10 la ak premye fraz nan paragraf 11 la ansanm ak 2 Timote 3:16, 17. Ofri moun nan liv Connaissance la, esplike li pwogram etid biblik gratis nou fè lakay moun yo epi ofri Traduction du monde nouveau a. Si nou wè li ka pi bon pou nou kòmanse etid la nan bwochi Sa Bondye vle a, nou ka fè sa. N ap jwenn lòt entwodiksyon apwopriye nan liv Comment raisonner a.
5 Ann montre nou apresye sipèb Traduction du monde nouveau nou an. Nou ka demontre sa lè nou ofri li avèk zèl pandan mwa desanm nan.