“ Preche pawòl la [...] ann ijans ”
1 Si w resevwa yon bagay “ IJANS ” make sou li, ki jan w ap wè l ? Mo “ ijans ” lan vle di ‘ okipe sa touswit ’. Lapòt Pòl te gen bon rezon pou l montre kretyen yo pou yo ‘ preche pawòl la [...] ann ijans. ’ (2 Tim. 4:2). Èske w okipe travay sa a touswit ?
2 Siman yo te enfòme Pòl gen nan frè l yo ki te gen tandans ‘ trennen nan okipasyon yo ’ kòm kretyen (Wom. 12:11). Sa te limite rezilta travay yo a e yo pa t jwenn lajwa yo ta dwe jwenn nan ede y ap ede lòt moun.
3 Fason Jezi te wè ministè a : Sa te fè Jezi anpil plezi pou li akonpli ministè li a ! Li te di : “ Manje pa m se fè volonte sila a ki te voye m nan e pou m fin fè travay li a. ” Egzanp Jezi a te motive disip li yo. Li te deja ankouraje yo lè l te di yo konsa ‘ jaden yo tou blan pou fè rekòt ’. (Jan 4:34, 35.) Ijans li te demontre a te parèt klè lè l te di disip li yo : “ Priye mèt rekòt la non pou l voye ouvriye nan rekòt li a. ” (Mat. 9:38). Jezi te apresye misyon li te genyen pou l preche a. Li te detèmine pou anyen pa t anpeche l fè sa.
4 E nou menm ? Predikasyon an pi ijan toujou nan epòk nou an pase nan tout lòt epòk. Anpil kote sou tè a, jaden yo mi pou fè rekòt. Ata nan peyi kote yo sanble yo deja bay yon temwayaj afon, gen dè milye moun ki batize chak ane. Avèk fen sistèm sa a k ap avanse rapidman an, gen “ anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a ”. (1 Kor. 15:58.) Jodi a, plis pase nan tout lòt epòk, li pi vital pou nou deplwaye tout gwo efò nou nan preche n ap preche lòt moun mesaj Wayòm nan.
5 Se pou nou angaje tèt nou nan fè n ap fè bon nouvèl la rive jwenn moun yo keseswa kay an kay oubyen nenpòt kote nou kapab jwenn yo nan tèritwa a. Lè nou patisipe nan predikasyon an nèt, nou demontre byen klè nou bay Wayòm nan premye plas nan lavi nou (Mat. 6:33). Lè nou preche pawòl la ann ijans avèk fidelite, sa ap ban nou anpil lajwa.