BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/00 p. 8
  • N ap etidye liv Prophétie de Daniel la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • N ap etidye liv Prophétie de Daniel la
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Pwen enteresan ki nan liv Dànyèl la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Ann aprann nan egzanp Dànyèl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Ann pare nou pou nou etidye pwofesi Izayi a !
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Pwogram pou fanmi an — Etid familyal
    Ministè Wayòm nan — 2005
Ministè Wayòm nan — 2000
km 3/00 p. 8

N ap etidye liv Prophétie de Daniel la

1 Apati semèn 17 avril, n ap etidye liv Prêtons attention à la prophétie de Daniel ! la nan etid liv yo. Anpil nan nou deja li liv kaptivan sa a. Men kounye a, nou gen okazyon pou nou benefisye yon egzamen sou sijè yo an gwoup. Nonsèlman nou envite tout pwoklamatè, tout moun ki enterese ak tout timoun, men nou ankouraje yo tou pou yo la chak semèn nan etid n ap fè an pwofondè nan liv biblik Danyèl la. — Det. 31:12, 13.

2 Egzamine pwogram nan ak enstriksyon yo byen : Yo mete tout pwogram etid liv Prophétie de Daniel la nèt nan Ministè Wayòm sa a. Asire w ou fè fotokopi a mete nan liv pa w la. Pwogram nan di ki chapit, ki paragraf, ki vèsè nan liv Danyèl la n ap egzamine nan chak etid. Nòt nan anba paj yo esplike ki jan n ap egzamine yon seri de enfòmasyon e ki lè n ap fè sa. Nan fen chak etid, yo ankouraje kondiktè a pou l fè yon revizyon sou vèsè ki make nan pwogram nan. Nan valè tan ki rete a, y ap li vèsè yo, y ap fè kòmantè sou yo. Gen vèsè y ap pran plis pase yon etid pou kouvri yo.

3 Prepare etid la an pwofondè : Yo fè efò pou bay ase tan pou chak etid yon fason pou yo pa bezwen kouri avèk pòsyon y ap egzamine a. Gen kat etid k ap byen kout. Kidonk, nan fen etid semèn 5 jen an, kondiktè a ap fè revizyon sou Danyèl 2:1-40. Semèn 26 jen, li kapab fè yon revizyon sou Danyèl 3:1-30. Semèn 4 septanm nan, kondiktè a ap gen nan pwogram li pou gwoup la egzamine foto ak vèsè biblik ki nan paj 139 la an pwofondè. Semèn 2 oktòb la, y ap egzamine tablo ki nan paj 188 ak 189 la.

4 Byen prepare etid la chak semèn, pou w ka patisipe ladann ak kè kontan. Se pou w apresye privilèj ou genyen pou fè pati òganizasyon vizib Jewova a epi pou w benefisye klèvwayans ak bon konprann manm wen fidèl yo ap bay (Dan. 12:3, 4). Ankouraje lòt moun jantiman pou yo toujou asiste etid liv la. Se pou nou tout enterese nan pawòl pwofetik Bondye a ki revele nan liv enpresyonan Danyèl la. — Ebre 10:23-25 ; 2 Pyè 1:19.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje