“ Yon nouvo milenè : ki sa demen sere pou ou ? ”
1 Kesyon sa a vin nan tèt moun toupatou sou tè a. Se vre limanite te fè anpil pwogrè nan syèk ki pase yo, men malgre sa lèzòm pèdi espwa kanmenm. Rezon an se paske pwoblèm fondamantal yo toujou la, pwoblèm k ap trakase lèzòm depi plizyè milenè yo. (Jòb 14:1 ; Sòm 90:10). Ki bò limanite kapab jwenn yon soulajman ?
2 Diran mwa oktòb ak mwa novanm k ap vini an, nou pral gen okazyon, yon okazyon patikilye, pou nou bay vwazen nou yo repons kesyon sa a. Ki jan ? Ak distribisyon Nouvèl Wayòm no 36 la. Men tit li : “ Yon nouvo milenè : ki sa demen sere pou ou ? ” Nan premye mwatye mwa oktòb la, n ap ofri peryodik La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! Apresa, soti lendi 16 oktòb pou rive vandredi 17 novanm, n ap distribye Nouvèl Wayòm no 36 la afon. Diran kanpay sa a, nan jou lasemèn yo, se sèlman Nouvèl Wayòm no 36 la n ap distribye. Nan wikenn yo, n ap prezante dènye peryodik nou resevwa yo ansanm avè l.
3 Èske w ap patisipe nèt ladann ? Kit se ansyen, kit se asistan ministeryèl kit se pyonye, yo tout ap byen kontan pran latèt nan kanpay la. Se nòmal, paske yo nan premye ran nan travay k ap fèt la. Anpil pwoklamatè kapab ajiste pwogram yo petèt pou yo pyonye oksilyè pandan youn oswa toulede mwa y ap fè distribisyon an. An reyalite, poukisa w pa fikse objektif ou pou w fè sa ? Si sa pa posib pou ou, poukisa w pa ranje pwogram ou dekwa pou w ka pase plis tan nan predikasyon, pase jan w abitye fè l ?
4 Kondiktè etid liv yo kapab kontribye pou ankouraje chak manm nan gwoup yo a pou yo patisipe nèt nan distribisyon Nouvèl Wayòm no 36 la. Kapab gen kèk pwoklamatè tou ki vin inaktif nan predikasyon. Ansyen yo ta dwe vizite pwoklamatè sa yo pou wè ki sa k ka fèt pou ede yo. Petèt yo kapab pran dispozisyon pou pwoklamatè ki gen eksperyans yo akonpaye moun ki inaktif nan predikasyon pandan mwa sa yo. Si pwoklamatè sa yo annik patisipe nan distribisyon Nouvèl Wayòm no 36 la, sa kapab sifi pou yo retounen aktif ankò.
5 Se yon bèl okazyon tou pou etidyan ki byen avanse nan liv Konesans lan, ki kalifye pou yo vin pwoklamatè, kòmanse patisipe nan ministè a. Menm timoun piti kapab gen yon bèl patisipasyon nan travay enteresan sa a.
6 Yon sèl bagay ou bezwen se yon prezantasyon senp. Men sa w ta kapab di :
◼ “ Mwen kreye yon ti tan pou m pataje mesaj enpòtan sa a avèk chak fanmi nan [site non vil la oswa zòn nan]. Men mesaj pa w mwen pote pou ou. Tanpri, fè tout posib ou pou w li l. ” Sa kapab yon avantaj si nou pa mache ak valiz predikasyon, lè n ap distribye Nouvèl Wayòm no 36 la.
7 Byen planifye reyinyon predikasyon yo : Ansyen yo dwe gade ki aranjman pou predikasyon k ap bon, k ap pratik. Siveyan sèvis la sitou ta dwe asire l gen ase tèritwa sou lamen pou preche kay an kay ak nan katye ki gen komès. Konsa, tout moun kapab patisipe anplen nan travay la. Toupatou kote sa posib, reyinyon predikasyon ta dwe òganize chak jou, kit se lasemèn, kit se wikenn, kit se nan aprèmidi. Aranjman kapab fèt pou reyini ta nan apremidi, yon fason pou elèv lekòl, moun k ap travay pa woulman ak lòt moun ankò kapab pwofite yo menm tou.
8 Kay nou pa jwenn moun ladan yo : Objektif nou se pale ak kantite moun nou kapab, lakay yo. Si pa gen pèsonn nan kay la lè w pase, pran adrès la epi retounen yon lòt moman nan jounen an. Si nan dènye semèn kanpay la ou pa t reyisi kontakte moun nan kay sa yo, kite yon Nouvèl Wayòm no 36 pou yo nan yon kote ki pa sou je moun k ap pase. Ansyen yo kapab fè kongregasyon an konnen yo mèt kite yon Nouvèl Wayòm no 36 nan kay yo pa jwenn moun depi nan premye vizit la, lè y ap travay zòn riral yo oswa nan ka kote yo pap fin preche tèritwa a pandan kapay la.
9 Annou mete men ! Kongregasyon yo ta dwe fè efò pou yo travay tout tèritwa yo nèt anvan kanpay la fini le 17 novanm. Si tèritwa pa w la gwo anpil, kèk pwoklamatè kapab travay pou kont yo kote sa pratik ak kote ki pa gen danje. Aranjman sa a ap fè li pi fasil pou nou rive jwenn plis moun posib ki merite. Tout enterè nou jwenn, asire nou nou pran bon nòt sou yo.
10 Ansyen yo dwe kalkile alavans ki kantite peryodik anplis kongregasyon an pral bezwen pou yo ka adapte demann y ap fè a an konsekans. Li pa nesesè pou n fè demann Nouvèl Wayòm no 36 la, piske y ap voye l pou chak kongregasyon. Pyonye espesyal, pyonye pèmanan, ak pyonye oksilyè, yo chak pral resevwa 250 pou yo distribye, alòske chak pwoklamatè pral resevwa 50. Kounye a, èske w pare ? Èske w santi w anvi mete men nan aktivite espesyal sa a ? Ala privilejye nou privilejye, pou se nou k ap fè vwazen nou yo konnen ki sa Bondye pwomèt pou avni ki toupre a !