“ Mwen kenbe fèm ! Mwen kenbe fèm ! Mwen kenbe fèm ! ”
1 Pawòl sa yo te soti nan bouch yon kretyen fidèl ki te chape anba sa yo rele “ olokos ” la. Pawòl sa yo fè wè detèminasyon dè milye Temwen, kit se sa ki vivan, kit se sa ki mouri, pou yo te rete fidèl ak kwayans yo malgre rejim bout di nazi yo (Efe. 6:11, 13). Yo rakonte istwa cho sa a, istwa kouraj ak laviktwa sa a nan yon kasèt videyo ki touchan anpil. Kasèt sa a rele : La fermeté des Témoins de Jéhovah face à la persécution nazie. Nou ankouraje tout moun nan kongregasyon an pou yo gade kasèt videyo sa a e pou yo youn di lòt enpresyon yo ak santiman yo.
2 Kite kesyon sa yo sèvi w kòm baz pou w reflechi : 1) Poukisa Temwen Jewova yo te reziste devan Nazi yo avèk kran konsa ? 2a) Ki de pwennvi dozado ki te genyen anrapò ak yon salitasyon, e poukisa ? 2b) Ki jan sa te aji sou fanmi Temwen Jewova yo ? 3) Konbyen Temwen yo te voye nan kan konsantrasyon ? Ki jan yo te idantifye yo nan kan sa yo, e ki tretman yo te sibi anba men Gestapo a ? 4) Ki pri frè nou yo pa t dakò peye pou yo te libere ? 5a) Ki jan e ki lè Temwen Jewova yo te pale avèk kran kont aksyon brital rejim Hitler a ? 5b) Ki jan Hitler te reyaji ? 6) Ki enpòtans solidarite pèp Jewova a te genyen pou yo ak pou lòt moun ni nan sans fizik, ni nan sans espirityèl ? 7) Ki kantik Wayòm yo te ekri nan yon kan konsantrasyon ? 8) Ki egzanp gason, fanm ak jèn fidèl ki ankouraje w rete fidèl devan Jewova kèlkeswa sa k t ava rive a ? (Gade Annuaire 1999, paj 144-7) 9) Antanke Temwen Jewova, ki jan kasèt videyo sa a fè w santi w dèske w pa fè pati monn nan ?
3 Egzanp pozitif Temwen Jewova yo ki rapòte nan kasèt videyo Fermeté a, kapab ede jèn yo, menm jèn ki pa Temwen yo, pou yo fè fas ak gwo pwoblèm tankou entolerans, presyon kamarad, ak pwoblèm konsyans. Si w se yon jèn ki nan lekòl segondè oubyen nan inivèsite, èske w pa ka chèche wè si pwofesè w yo ta ka sèvi ak kasèt videyo sa a nan klas la ? Petèt ou ka ofri yo yon kasèt videyo Fermeté, e ou ka dekri l kòm yon moso listwa moun pa fin byen konnen, oswa kòm yon dokimantè ki gen yon leson moral.
4 Kasèt videyo Fermeté a se yon kokenn zouti pou w montre ki jan ansèyman Bondye ka ban nou fòs espirityèl pou nou fè Bondye plezi pandan nou rete fèm nan fè n ap fè sa ki dwat (1 Kor. 16:13). Fè tout moun ki enterese ak laverite a wè kasèt sa a.