BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/01 p. 1
  • Ou pa bezwen ezite !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ou pa bezwen ezite !
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • N ap “ pote bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Fason nou ka fè fas ak difikilte nou jwenn nan travay predikasyon kay an kay la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Èske Jewova gen sousi pou nou toutbonvre?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • “Kay an kay”
    Ann chante pou Jewova
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2001
km 7/01 p. 1

Ou pa bezwen ezite !

1 Lè nou fè preparasyon pou n al preche kay an kay, ou gen dwa wè pi gwo pwoblèm nou rankontre, se lakay pa nou l sòti. Pafwa, nou konn panse nou pa alawotè, e sa konn fè nou ezite pou nou deplase al bay “ tout kalite moun ” laverite a (1 Tim. 2:4). Men, nou pa ta dwe ezite pou nou preche bon nouvèl la. Poukisa ?

2 Mesaj la se mesaj Jewova : Jewova sèvi ak Bib la, pou l fè moun yo konnen pawòl li. Lè nou pote mesaj sa a bay lòt moun, se panse Jewova n ap transmèt. Se pa panse pa nou (Wom. 10:13-15). Se sa k fè lè moun yo rejte mesaj Wayòm nan, an reyalite, se Jewova yo rejte. Epoutan, sa pa dekouraje nou. Nou gen konfyans mesaj sa a ap touche kè ni moun ki swaf yon alemye nan sitiyasyon monn nan, ni moun ki konsyan yo pòv espirityèlman. — Eze. 9:4 ; Mat. 5:3, 6.

3 Jewova atire moun yo : Yon moun kapab resevwa nou kounye a, alòske lontan li te konn refize tande nou. Poukisa ? Sitiyasyon lavi l gen dwa chanje, e kè l gen dwa vin ramoli. Jewova gen dwa montre byenveyans li pou moun sa a, epi li “ atire l ”. (Jan 6:44, 65.) Lè sa rive, nou vle tou pare pou nou kite Jewova sèvi avèk nou, e pou nou kite zanj yo dirije nou pou nou jwenn moun sa yo. — Rev. 14:6.

4 Bondye ban nou lespri li : Lespri sen pèmèt nou pale “ avèk kran grasa pouvwa Jewova ”. (Tra. 14:1-3.) Lè nou sonje nou gen kokenn fòs sa a ki pou kore nou nan travay predikasyon an, nou pap renka, devan vwazen nou, kòlèg travay nou, kamarad lekòl nou, paran nou, devan moun ki save oswa moun ki rich, pou nou ba yo laverite a.

5 Jezi te montre nou ki jan pou n fè : Jezi te konn sèvi ak kesyon pou l fè moun reflechi, li te konn sèvi ak egzanp ki fasil pou moun konprann, e li te konn sèvi ak Bib la pou l rezone ak moun yo. Li te konn eksplike laverite a yon fason senp, ki agreyab, ki sot nan kè l. Jis jounen jodi a, se pi bon metòd ki egziste (1 Kor. 4:17). Menmsi n ap preche nan sikonstans ki pa menm, pouvwa mesaj Wayòm nan pa chanje.

6 Se yon privilèj nou genyen pou Jewova ap sèvi avèk nou pou nou ede moun yo yon fason espesyal, yon fason vital. Annou pa ezite ! Annou montre nou gen kouraj ! Annou kite Jewova “ louvri yon pòt pou nou pou pawòl la ”, yon fason pou nou ka bay lòt moun yo bon nouvèl la. — Kol. 4:2-4.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje