BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/01 p. 4
  • Èske w ka sèvi kote ki manke bra ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w ka sèvi kote ki manke bra ?
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • “Papa tout moun ki gen lafwa”
    Annou imite lafwa yo
  • Poukisa Jewova te chanje non Abram ak Sarayi?
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Fikse objektif pou nouvo ane sèvis la — Deplase al sèvi kote ki gen plis bezwen
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • “Men mwen! Voye m!”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
Ministè Wayòm nan — 2001
km 7/01 p. 4

Èske w ka sèvi kote ki manke bra ?

1 Èske w janm anvizaje posiblite pou w ta deplase al viv kote yo bezwen plis pwoklamatè ? Si yo ta envite w pou w “ janbe [...] vin ede ” kote konsa, èske w ta reyaji menm jan ak apot Pòl (Tra. 16:9, 10) ? Divès kongregasyon bezwen fanmi ki espirityèl e ki gen eksperyans. Yo bezwen pyonye ki pou ede yo kouvri tèritwa yo a, yo bezwen ansyen ak asistan ministeryèl kalifye ki pou dirije kongregasyon an. Sa ka rive, tèritwa a se yon seri ti bouk izole ki gaye kò yo andeyò vil yo. Sal Wayòm ki pi pre a gen dwa jis nan ziltik. Jwenn travay konn difisil. Tanperati zòn nan konn bay pwoblèm. Èske w ta dakò viv nan yon sitiyasyon konsa ? Kòman yon moun ka fè reyisi ?

2 Konfyans ak lafwa, toulede nesesè : Lè Bondye te mande Abram pou l kite Ouw, vil natif natal li a, e pou l fè yon vwayaj 1000 kilomèt rive jis Aràn ansanm ak madanm li, ak neve l, ak papa l Tera ki te granmoun, Abram te obeyi Bondye (Jen. 11:31, 32 ; Ney. 9:7). Apre lanmò Tera, Jewova te mande Abram, ki te gen 75 ane, pou l kite Aràn, pou l kite fanmi l, e pou l vwayaje al nan yon peyi Bondye t apral montre l. Abram, ansanm ak Sarayi ak Lòt te “ pati ”. (Jen. 12:1, 4, 5.) Natirèlman, Abram pa t deplase al sèvi kote yo te bezwen plis sèvitè Bondye. Men, deplasman l lan te mande yon bagay. Ki bagay ?

3 Pou Abram te ka ranpli yon misyon konsa, li te bezwen lafwa, li te bezwen konfyans. Li te gen pou l chanje fason l reflechi ak fason l ap viv. Li t apral kite sekirite l te jwenn bò kote fanmi l yo. Men, li te gen konfyans Jewova t apral pran swen l ansanm ak moun lakay li. Anpil moun jodi a demontre yo gen konfyans nan Jewova menm jan an.

4 Ou ka sèvi pou yon ti tan : Èske w janm goute gwo benediksyon yon moun jwenn lè l ap preche nan yon tèritwa ki pa sou kont okenn kongregasyon ? Si sa posib pou ou, menm si se yon ti vakans w al pase nan yon zòn konsa, poukisa w pa tou pwofite preche bon nouvèl la ? Yon lòt bò, gen moun ki aksepte fè sakrifis pou yo vin abite nan zòn kote yo bezwen plis pwoklamatè, e sa ba yo anpil benediksyon. Pou kounye a, nou genyen 8 pwoklamatè ki soti nan peyi etranje pou vin sèvi ann Ayiti. Pou kèk ladan yo, yo vwayaje bèl distans. Èske sa te vo lapèn ?

5 Men sa yon frè ki te kite Kalifòni pou l al Youta (Ozetazini), ekri : “ Lè yo te fèk kontakte m pou m te responsab yon gwoup ki t apral preche nan yon tèritwa yo pa t konn preche souvan, mwen pa t twò chofe pou m ale. Men, mwen te deside aksepte kanmèm. Non sèlman mwen pa janm regrèt chwa sa a, men tou li te vin chanje lavi m. Se chak jou m ap remèsye Jewova pou privilèj mwen te genyen pou m patisipe nan vwayaj sa a. ” Yon frè, ki te deplase sot Florid pou l ale Tenesi (Ozetazini), di se te pi bèl eksperyans li te fè nan 20 an li genyen nan laverite. Men sa yon jèn ki te sòti Konektikèt pou l ale Vijini Wès (Ozetazini) di : “ Se te pi bèl eksperyans mwen te fè nan lavi mwen ! ” Pifò pwoklamatè ki sèvi, menm pou yon ti tan, kote ki manke bra rekonèt sa vin fè yo apresye ministè a plis. Pale ak moun ki deja fè eksperyans lan. W ap konstate yo vin pi solid espirityèlman, e yo ta rekòmanse ankò si yo ta jwenn yon lòt okazyon.

6 Lè yon moun aksepte al sèvi pou yon ti tan kote ki manke bra, sa ka itil li yon lòt fason. Moun ki fè sa kapab vin genyen enfòmasyon yo bezwen pou yo “ kalkile depans lan ”, pou yo wè sa sa ap koute yo pou yo deplase al viv yon lòt kote nan peyi a. — Lik 14:28.

7 Jewova deside pou yo preche bon nouvèl la “ sou tout latè ki abite ” avan lafen an vini (Mat. 24:14). Piske w konn sa, si w kapab, èske w pa ta dakò pou w bwote al viv kote ki manke bra ? Pa manke kote konsa.

8 Bwote al viv kote ki manke bra : Èske w alaretrèt ? Èske w gen yon revni fiks ? Si w pa genyen, èske w ka kreye pwòp biznis pa w ? Èske w ka sèvi ak telefòn oswa òdinatè pou w jwenn mwayen pou w viv kèlkeswa kote a ? Si w pa ka deplase ou menm, èske w pa ka ede yon fanmi w pou l al sèvi yon lòt kote ?

9 Apre w fin mete sa devan Jewova nan lapriyè, si w toujou santi w ranpli kondisyon pou w deplase al viv kote ki manke bra, fè yon ti pale sou sa ni avèk manm fanmi w, ni avèk ansyen nan kongregasyon w yo. Annapre, ou mèt prepare yon lèt pou w remèt ansyen yo, yon fason pou yo ka tou ajoute remak pa yo ak rekòmandasyon pa yo anvan yo voye l nan biwo filyal la.

10 Ki sa w ta dwe mete nan lèt la ? Mete laj ou, dat ou batize, responsablite w nan kongregasyon an, di si w marye oswa si w selibatè, fè konnen si w gen timoun ki sou kont ou. Di nan ki zòn ou ta renmen al sèvi, selon sitiyasyon w. Paregzanp, èske w ka viv kote l fè cho ? Èske w ka sipòte fredi ? Èske w pale plizyè lang ?

11 Èske w chofe nan sèvis Jewova a ? Èske w se moun ki konn pran inisyativ ? Èske sitiyasyon w pèmèt ou al sèvi kote ki manke bra ? Si se konsa, suiv pou w wè ki jan Jewova toujou ap vide anpil benediksyon sou moun ki fè l konfyans pandan y ap demontre yo gen lespri sakrifis ! — Sòm 34:8 ; Mal. 3:10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje