BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/01 p. 8
  • Èske w vle fè plis ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w vle fè plis ?
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • Fason pou w laji ministè w
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Yon bèl objektif pou nouvo ane sèvis la
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Fason yo fòme moun k ap preche Wayòm nan
    Wayòm Bondye a ap dirije!
  • Sèvis a plen tan bay kè kontan
    Ministè Wayòm nan — 2002
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2001
km 8/01 p. 8

Èske w vle fè plis ?

1 Jezi te konpare Wayòm nan ak yon trezò ki pa gen pri (Mat. 13:44-46). Travay simaye nouvèl Wayòm nan se yon trezò enpòtan tou. Ministè sa a merite pou nou ba li premye plas nan lavi nou, menmsi sa mande pou nou nye tèt nou pou nou patisipe an plen ladann (Mat. 6:19-21). Èske w vle fè plis nan sèvis Wayòm nan ?

2 Reflechi sou pwen enpòtan sa yo : Gen plizyè bagay ki nesesè pou w ka patisipe plis nan ministè a : 1) se pou w detèmine pou w mete enterè Wayòm nan an premye nan lavi w (Mat. 6:33), 2) se pou w demontre ou gen lafwa, e se pou w fè Jewova konfyans (2 Kor. 4:1, 7), 3) se pou w priye Bondye ak tout kè w toutan toutan, pou w ka jwenn èd nan men li (Lik 11:8-10), 4) se pou w kontinye aji ann amoni ak lapriyè w yo. — Jak 2:14, 17.

3 Fason pou w ogmante ministè w : Nou tout nou ka gen objektif pou nou pase kèk tan nan ministè a chak mwa. Men, èske w te anvizaje pou w kapte tout okazyon pou w bay temwayaj enfòmèl ? Èske w fè efò pou w prezante mesaj la yon fason pou moun yo konprann li pi byen ? Èske w fè nouvèl vizit ak etid biblik ou yo pi byen ? Ou kwè l pa ta posib pou w pyonye oksilyè, oswa pyonye pèmanan oswa pou w al sèvi kote ki manke bra ? Si w se yon frè batize, èske w pa ta ka chèche kalifye w kòm asistan ministeryèl oswa kòm ansyen (1 Tim. 3:1, 10) ? Èske w pa ta ka fè pi plis nan ministè w, lè w ranpli yon aplikasyon pou sèvis nan Betèl, pou Lekòl fòmasyon ministeryèl, oswa pou w jwenn fòmasyon kòm misyonè nan Lekòl Gileyad ? — Lik 10:2.

4 Yo te ankouraje yon frè ki t ap travay a plen tan e ki te konn pase anpil tan ap fè espò, pou l vin pyonye pèmanan. Li te kòmanse ak sèvis pyonye oksilyè, epi annapre, li te fè chanjman ki nesesè nan pwogram li pou l te ka vin pyonye pèmanan. Li te vin kapab asiste Lekòl fòmasyon ministeryèl, e sa te ede l pou l prepare l pou travay siveyan sikonskripsyon l ap fè kounye a. Se pa ti kontan li kontan dèske li te reponn defason pozitif lè li te jwenn ankourajman, e li sèten lajwa li ogmante akòz li te pran desizyon pou l fè plis nan sèvis Wayòm nan.

5 Jewova beni moun ki rann tèt yo disponib (Iza. 6:8). Pa kite anyen anpeche w fè plis nan ministè w. Kòm rezilta, w ap jwenn bonjan satisfaksyon ak kè kontan.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje