BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/01 p. 1
  • Lekòl ministè teyokratik pou ane 2002

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lekòl ministè teyokratik pou ane 2002
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • Yon lekòl ki ekipe nou pou aktivite ki pi enpòtan nan lavi a
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Lekòl ministè teyokratik pou lan 2000
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Lekòl ministè teyokratik pou lan 2001
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Pwofi nou tire grasa Lekòl ministè teyokratik
    Ministè Wayòm nan — 2004
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2001
km 12/01 p. 1

Lekòl ministè teyokratik pou ane 2002

1 Anpil moun pran kapasite yon moun genyen pou l pale kòm yon bagay nòmal. Toutfwa, lapawòl se yon kado ki sòti nan men Jewova. Li pèmèt nou kominike ak lòt moun, li pèmèt nou fè konnen sa nou panse ak sa nou santi. E, sa ki pi enpòtan an, nou ka sèvi avè l pou nou louwe Bondye. — Sòm 22:22 ; 1 Kor. 1:4-7.

2 Tout moun jwenn fòmasyon nan Lekòl ministè teyokratik la pou yo pwoklame non Jewova, kit se gason, kit se fi, kit se timoun (Sòm 148:12, 13). Pwogram yo prevwa nan Lekòl la pou ane 2002 a gen yon kantite sijè biblik nou ka tire pwofi ladan yo, yon kantite sijè nou ka itilize nan predikasyon. Lè nou prepare nou pou Lekòl la e nou patisipe ladan l, n ap ogmante konesans nou, n ap ogmante ladrès nou antanke moun k ap anseye Pawòl Bondye. — Sòm 45:1.

3 Li Bib la chak jou : Si nou pran abitid kenbe yon Bib sou lamen, nou ka pwofite li l depi nou gen tan lib. Pifò nan nou gen kèk minit lib nan jounen an nou ta ka itilize fason sa a. Ala bon sa bon lè nou li omwen yon paj nan Bib la chak jou ! Si nou fè sa, n ap rive suiv pwogram lekti Labib yo prevwa pou Lekòl la. — Sòm 1:1-3.

4 Kapasite nou genyen pou nou byen li Bib la kapab ede nou pou nou touche kè moun k ap koute nou yo e pou nou motive yo pou yo louwe Jewova. Frè ki gen pou fè diskou no 2 a ta dwe repete lekti yo pral fè a byen fò plizyè fwa anvan yo vin prezante l. Siveyan Lekòl la ap felisite yo e l ap ba yo sijesyon pou yo ka amelyore lekti y ap fè.

5 Sèvi ak liv Comment raisonner a : Se sou liv Comment raisonner a diskou no 3 ak diskou no 4 la chita. Pifò nan nou ta dwe pran konsyans pi plis toujou sou posiblite pou nou sèvi ak zouti sa a, ki itil anpil nan predikasyon. Sè yo dwe chwazi kad ki ale ak tèritwa kote y ap preche a. Siveyan Lekòl la dwe byen suiv ki jan y ap anseye e ki jan y ap sèvi ak Bib la.

6 Nou swete pou Lekòl ministè teyokratik la ede nou chak pou nou kontinye sèvi ak don lapawòl Bondye ban nou an pou nou pwoklame bon nouvèl la e pou nou louwe Jewova, gran Bondye nou an ! — Sòm 34:1 ; Efe. 6:19.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje