“ Moun ki zele nan preche Wayòm nan ” — Kongrè distri Temwen Jewova pou 2002
1 “ Mwen kontan anpil lè yo di m : ‘ Ann al lakay Jewova ! ’ ” (Sòm 122:1). Pandan n ap egzamine pawòl salmis la, gade 1) ki jan li te santi l lè yo te envite l vin adore Jewova, 2) ki kalite zanmi li te genyen, zanmi vrè adorasyon an te enterese toutbonvre, 3) ki planifikasyon ki te dwe fèt pou yo te simaye envitasyon pou tout moun rasanble, e pou yo te pran wout mezon Bondye a.
2 Èske jan salmis la te santi l ye a se pa konsa nou santi nou tou lè nou tande y ap fè preparasyon pou kongrè distri ? Lè nou sonje jwa nou te jwenn nan dènye kongrè distri nou te asiste yo, lè nou sonje posiblite nou genyen pou nou prezan ankò nan yon rasanbleman espesyal avèk moun ki renmen Jewova, pou nou menm moman sa a te dwe rive deja ! Yo pran dispozisyon pou gen kongrè distri “ Moun ki zele nan preche Wayòm nan ” nan tout tèritwa filyal Ayiti a an 2002. Moman an rive kounye a pou nou kòmanse prepare nou pou n al asiste e pou n al pwofite festen espirityèl k ap tann nou an, anplen.
3 “ Entandan fidèl la, entandan eklere a ” kòmanse prepare manje espirityèl apwopriye yo pral bay nan kongrè a (Lik 12:42). Yo prevwa pou chak kongregasyon asiste kongrè pa yo yon kote fiks nan dat pa yo. Se yon fason pou evite pou twòp moun pa al plen lokal kote kongrè a ap fèt la. Yon lòt bò, anpil frè gentan kòmanse òganize divès depatman pou kongrè a. Sa pèmèt “ tout bagay fèt avèk respè e nan lòd ”. (1 Kor. 14:40.) Piske yo deja fè tout aranjman sa yo pou pwofi pa nou, ki sa nou ka fè nou menm, pou nou prepare nou pou kongrè a ?
4 Planifye depi kounye a pou nou la toule twa jou yo : Èske n ap bezwen mande patwon nou konje pou n al asiste kongrè distri pa nou an ? Jewova byen konnen gen kèk patwon ki “ difisil pou kontante ”. (1 Pyè 2:18.) Men, kongrè nou yo trèzenpòtan, e nou vle fè tout sa nou kapab pou nou asiste tout pwogram nan. Mete sa nan men Jewova nan lapriyè. Chèche direksyon nan men l pou bagay yo ka byen pase. — Ney. 2:4.
5 Lojman : Pandan y ap egzamine paj mitan sa a nan reyinyon sèvis la, nou sipoze deja konnen dat kongrè pa nou an grasa lèt biwo filyal la te voye. Fè tout posib nou pou nou mande lojman omwen 2 mwa anvan dat kongrè a. Si n ap viv nan zòn kote kongrè a ap fèt la, se vre nou pap bezwen mande lojman, men yon bèl fason n ap kapab kolabore ak sèvis lojman an, se lè nou ofri kay nou pou loje kèk kongresis pandan twa jou kongrè a. Sa vle di nou menm ki abite nan zòn Kwadèboukè, Santo, Kwadèmisyon, Latan, Bonrepo, Maren, Taba, nou pral gen yon bèl okazyon nan kongrè distri ki pral vini an pou nou montre ospitalite nou ane sa a ankò : se menm bagay la tou pou frè ki abite nan vil Okap, Gonayiv, Senmak ak Okay. — Tra. 28:7 ; 1 Pyè 4:9.
6 Si nou gen yon pwoblèm anrapò ak kote nou loje a pandan kongrè a, enfòme sèvis lojman an. Kèlkeswa difikilte nou rankontre, kit se anvan kongrè a kit se apre kongrè a, nou kapab toujou kontakte sèvis lojman an. Eksplike pwoblèm nan an detay, di sa nou te fè pou nou rezoud li pou frè yo ka ban nou èd nou bezwen an.
7 Fè yon ti gade nan kongregasyon pa nou : Si nou okouran gen yon frè oswa yon sè ki gen kèk pwoblèm fizik oswa kèk pwoblèm materyèl k ap fè li difisil pou l al asiste kongrè a, èske nou ka fè lanmou nou “ vin pi laj ” ? Èske nou ka ede frè sa a oswa sè sa a (2 Kor. 6:12, 13 ; Det. 15:7) ? Nan 2 Korentyen 8:14, Pòl te ankouraje nou pou nou demontre etadespri sa a. Pouki nou pa envite moun sa yo pou yo al nan kongrè a ansanm avèk nou ? Si se pyonye yo ye, y ap gen bonjan eksperyans pou yo pataje avèk nou nan wout la. Si se moun ki granmoun nan kongregasyon an, yo gen dwa rakonte nou yon bèl eksperyans teyokratik nou poko janm tande. Sa k pou di nou si frekantasyon frè ak sè sa yo pap enfliyanse nou menm ak tout fanmi nou an byen ? Moun sa yo ap rekonesan pou lespri donan nou genyen, e Jewova ap rekonpanse nou. — Pwo. 28:27 ; Mat. 10:42.
8 Menmsi moun ki granmoun, moun ki enfim, sèvitè a plen tan oswa lòt moun ankò jwenn èd toudabò nan men fanmi yo, ansyen yo oubyen lòt moun nan kongregasyon an ki konnen pwoblèm yo, kapab fè sa ki nesesè ak tout kè yo pou yo ede yo. — 1 Tim. 5:4.
9 Ofri tèt nou kòm volontè : Pandan kongrè a, plizyè santèn volontè ap potekole pou depatman yo ka mache kòmsadwa. Manm sèvis akèy k ap travay anndan lokal la ak nan paking yo ap ede nou jwenn plas pou nou chita, e y ap veye sou machin nou pandan asanble a. Depatman antretyen an gen privilèj pou l ede nou kenbe bèl repitasyon nou genyen an kòm moun ki pwòp. N ap kite zòn kote n al adore pou de twa jou a pi pwòp pase jan nou te jwenn li an. Èske nou ka ede depatman sa yo oswa lòt depatman ankò ki ta byen kontan nou soutni yo ? Èske n ap ofri tèt nou kòm volontè pou nou “ kole zepòl ” pou n sèvi frè nou yo ? — Sef. 3:9.
10 Èske se vre moun yo ap suiv jan n ap aji ? Pandan kongrè distri ane pase a, te gen yon mesye ki t ap travay nan yon otèl, e sa fè 20 an depi l te sispann etidye avèk Temwen Jewova. Li fè kèk Temwen konnen li gen entansyon reprann etid biblik li a ankò, li gen entansyon rekòmanse al nan reyinyon. Poukisa ? Se paske Temwen yo ki te nan otèl la, te demontre lanmou yo genyen pou li.
11 Men sa yon moun k ap vann nan otèl di frè nou yo : “ Nan tout gwoup ki abitye desann nan otèl nou yo, se gwoup pa nou an ki pi bon. Nou tèlman pasyan, nou tèlman byennelve ! ” Ala sa dwe fè Papa nou ki nan syèl la kontan dèske l wè n ap suiv pawòl sa yo Jezi te di a : “ Se pou limyè nou klere devan lèzòm, pou yo wè bèl zèv nou epi pou yo glorifye Papa nou ki nan syèl la. ” — Mat. 5:16.
12 Nou fèt pou nou gen menm atitid ak wa David, ki te konn ap tann ak kè kontan pou l ale nan mezon kote y ap adore Jewova. Se nan kongrè distri nou yo nou jwenn manje espirityèl ki enpòtan anpil. Nan kongrè sa yo, nou gen yon okazyon san parèy pou nou demontre lanmou nou genyen pou konpayon nou yo. Donk, nou kontan envite nou pou nou kòmanse fè aranjman, depi kounye a, pou nou asiste tout sesyon twa jou kongrè distri ane sa a : “ Moun ki zele nan preche Wayòm nan ”.
[Kare nan paj 3]
Orè
Vandredi ak Samdi
9:30 a.m. – 5:00 p.m.
Dimanch
9:30 a.m. – 4:00 p.m.
[Kare nan paj 4]
Sa nou dwe fè anrapò ak lojman
1. Mande lojman omwen 2 mwa anvan dat kongrè a.
2. Pa depase kantite moun yo te prevwa mete nan yon kay.
3. Sèvis lojman an bezwen pran dispozisyon pou loje kongresis yo rapid rapid san yo pa kite yo tann twòp lè yo rive kote yo ba yo randevou a.
4. Siveyan sèvis lojman an bezwen antann li davans ak adjwen li yo sou dispozisyon y ap mete anplas pou sa.
5. Si gen kongresis k ap soti lwen, pifò nan yo ap rive sitou jedi, swa nan maten, swa nan aprèmidi oubyen menm aswè. Prepare ekip ki pou resevwa yo lè yo rive.
Tanpri respekte konsiy sa yo tou :
◼ Rete nan kay yo mete w la.
◼ Si w te fin mande lojman epi ou pa bezwen li ankò, fè sekretè kongregasyon w lan konn sa.
◼ Veye pou w kite kay la pwòp lè w prale. Pa bliye remèt kle kay la anvan w ale.