BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/02 p. 1
  • Èske w “ vle ” ede moun ki bezwen èd ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w “ vle ” ede moun ki bezwen èd ?
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • Èske w kapab pote èd pa w ?
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Ann imite Jezi lè n dispoze ede lòt moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Paran, bay fanmi nou sa yo gen bezwen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Ann montre konsiderasyon pou santiman lòt moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2002
km 6/02 p. 1

Èske w “ vle ” ede moun ki bezwen èd ?

1 Jezi te vrèman gen sousi pou moun. Yon jou, yon mesye ki gen lèp te sipliye l pou l ede l. Lè Jezi wè sa, li lonje men l, li touche misye, e li di l : “ Mwen vle. Se pou w vin pwòp. ” ​(Mak 1:40-42). Jezi te byen konprann ki sa sa vle di ede moun ki bezwen èd. E nou menm, ki jan nou kapab imite l ?

2 Moun ki enterese : Pou nou ede yon moun ki enterese vin sèvi Jewova, se chak moun nan kongregasyon an ki pou jwe wòl pa l. Si w remake yon moun nan reyinyon pou premye fwa, al salye l epi pwofite fè ti pale avè l. Chèche pou w wè ki jan w ka ankouraje l. Felisite l pou kòmantè l fè. Montre l ou apresye efò li fè pou l mete prensip yo an pratik nan lavi l. Ede l wè tout posiblite li genyen pou l jwenn bon zanmi nan kongregasyon an.

3 Moun k ap sèvi Jewova ansanm avèk nou : Si gen moun ki merite pou nou ede yo, se sitou “ moun ki paran nou nan lafwa ”. (Gal. 6:10.) Nou ka fè sa divès fason. Gen anpil moun k ap debat ak pwoblèm sante. Lè nou rann yo vizit, yon vizit ankourajan, se okazyon nou ba yo pou yo jwenn bon frekantasyon k ap itil yo. Epitou, petèt nou ka tou rann yo kèk sèvis. Gen lòt menm, se ka lòt pwoblèm yo genyen. Nou ka montre yo nou konprann yo. Pou nou ka rive fè sa, pran tan pou nou koute yo, pou nou fòtifye yo (1 Tes. 5:14). Ansyen yo, yo menm tou, yo bezwen nou soutni yo nan responsablite yo genyen anndan kongregasyon an (Ebre 13:17). Si nou montre nou byen dispoze, nou pare pou nou ede, nou kapab montre nou se “ yon èd k ap fòtifye ” tout moun sa yo k ap sèvi Jewova ansanm avèk nou. — Kol. 4:11.

4 Fanmi nou : Yon lòt domèn nou ta dwe fè sa nou kapab pou nou imite Jezi ki te gen sousi pou moun, se anrapò ak fanmi nou. Paran ki sousye pou pitit yo santi se yon nesesite pou yo ‘ kontinye leve yo nan disiplin ak nan avètisman Jewova ’. (Efe. 6:4.) Timoun yo, bò kote pa yo, kapab kowopere lè yo fè efò pou yo prepare yo byen bonè pou etid familyal la, pou reyinyon oswa pou predikasyon. Sa ki fin gran yo, yo menm, yo kapab montre, menm jan ak Jezi, yo gen konpasyon, lè yo ede manman yo oswa papa yo ak tout kè yo pou yo fè fas ak pwoblèm yo jwenn paske yo granmoun. Si nou fè tout sa e si nou panse ak lòt bagay nou ka fè ankò, n ap rive ‘ montre nou gen atachman pou Bondye nan relasyon nou avèk pwòp moun lakay nou ’. — 1 Tim. 5:4.

5 Lè nou ede moun ki bezwen èd, se Jezi n ap imite, e se yon fason pou nou soulaje moun sa yo anba pwoblèm y ap rankontre. Anmenmtan, sa ban nou opòtinite pou nou ranfòse relasyon ki genyen ant fanmi nou ak kongregasyon an. E, sa ki pi enpòtan, nou onore Jewova, “ Papa ki gen kè sansib la ”. — 2 Kor. 1:3.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje