BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/02 p. 1
  • Ann ede lòt moun glorifye Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann ede lòt moun glorifye Jewova
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • Mesaj nou dwe preche a
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Non Bondye
    Reveye n! — 2017
  • Ann onore gran non Jewova a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • “Fè se ak tout kè m mwen gen lakrentif pou non w”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2002
km 9/02 p. 1

Ann ede lòt moun glorifye Jewova

1 Gen yon mesaj trèzenpòtan y ap anonse sou tout tè a. Men li : “ Krenn Bondye epi ba li glwa, paske lè pou l fè jijman an rive. Epi adore Sila a ki fè syèl la, tè a, lanmè ak sous dlo yo. ” ​(Rev. 14:6, 7). Patisipe nan pwoklamasyon sa a se yon privilèj li ye pou nou. Ki sa moun yo bezwen konnen sou Jewova pou yo rive krenn li e pou yo adore l ?

2 Non li : Sa moun yo bezwen, se konnen non sèl vrè Bondye a pou yo kapab rive fè diferans ant li menm ak pakèt fo dye moun ap adore jounen jodi a (Det. 4:35 ; 1 Kor. 8:5, 6). Anfèt, ekriven biblik yo te sèvi ak non Jewova, yon non ki selèb, plis pase 7 000 fwa. Tout pandan, n ap aji avèk disènman pou nou itilize non Bondye kòrèkteman, nou pa dwe janm kache l, nitou nou pa dwe janm pè sèvi avè l. Volonte Bondye se pou tout limanite rive konnen non l. — Sòm 83:18.

3 Kalite l genyen : Pou moun glorifye Jewova, li nesesè pou yo konnen ki kalite Dye li ye. Nou dwe ede yo konnen lanmou estwòdinè li a, sajès siprèm li a, jistis san fay ak pisans san limit li genyen an. Bò kote kalite sa yo, nou bezwen ede yo konnen tou li gen mizèrikòd, bonte ak lòt bèl kalite toujou (Egz. 34:6, 7). Epitou, fòk moun sa yo aprann gen bonjan lakrentif pou Bondye e fòk yo aprann gen respè pou li. Se nan fason sa a y ap rekonèt lavi yo depann de favè nou jwenn nan men Jewova. — Sòm 89:7.

4 Chèche vin pwòch ak Bondye : Pou moun yo sove anba jijman Bondye pral fè a, fòk yo envoke non l ak lafwa (Wom. 10:13, 14 ; 2 Tes. 1:8). Sa pa vle di sèlman pou yo rive gen yon konesans sou non Bondye ak yon konesans sou kalite l yo. Nou dwe ede moun yo devlope yon relasyon pèsonèl ak Jewova, pou yo mete konfyans yo nan li ak tout kè yo (Pwo. 3:5, 6). Lè yo mete sa yo aprann nan an pratik, yo priye Bondye ak tout kè yo e yo wè sa l fè pou yo, lafwa yo pa ka pa ogmante. E sa ap ede yo pou yo chèche vin pwòch ak Jewova. — Sòm 34:8.

5 Annou montre nou zele pou nou fè moun konnen non Bondye. Annou montre nou zele pou nou ede yo mete tout konfyans yo nan li e pou yo krenn li. Konsa, n ap ede pi plis moun toujou vin konnen Jewova, pou yo glorifye li kòm “ Bondye delivrans ” yo. — Sòm 25:5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje