Fason siveyan etid liv yo demontre yo enterese nan nou pèsonèlman
1 Objektif etid liv se pou pèmèt “ chak moun jwenn plis èd pou l fè pwogrè espirityèl. Se yon dispozisyon ki demontre lanmou fidèl Jewova gen pou pèp li a, e jan l pran swen l avèk tandrès. ” (om paj 75 ; Iza. 40:11). Siveyan etid liv yo jwe yon gwo wòl lè yo enterese nan moun yo pèsonèlman.
2 Nan etid liv la : Piske etid liv la pa dwe gen anpil moun, li pi fasil pou siveyan an konnen manm ki nan gwoup la pi byen (Pwo. 27:23). An jeneral, nou gen okazyon pou nou pase yon ti moman anvan oswa apre etid la chak semèn. Pandan yon mwa, siveyan an kapab fè yon ti pale avèk prèske chak moun ki nan gwoup li a. Sa ap ede tout manm ki nan gwoup la santi yo alèz pou yo abòde l lè yo ap fè fas ak difikilte oubyen lè yo bezwen ankourajman. — Iza. 32:2.
3 Siveyan etid liv la ap fè tout efò l pou l fè tout moun nan gwoup la patisipe nan etid la. Yon fason l ap fè sa se lè li kondui etid la avèk ladrès e avèk tandrès (1 Tes. 2:7, 8). L ap chèche antre tout moun nan konvèsasyon an, san wete timoun piti yo. Si gen kèk ki timid pou fè kòmantè, li kapab ba yo èd li apa, pa egzanp li kapab fè yo prepare yon tèks alavans pou yo li oswa yon kòmantè sou yon paragraf byen presi. Li kapab montre yo tou kòman yo ka fè kòmantè nan pwòp mo pa yo.
4 Si adjwen siveyan etid liv la se yon asistan ministeryèl li ye, siveyan an ap fè yon fason pou l ba l kondui etid la yon fwa chak de mwa. Sa ap pèmèt siveyan an suiv asistan ministeryèl la e sa ap pèmèt li ba li kèk sijesyon k ap itil li. Vrèman, aranjman sa a ap ede frè yo amelyore fason y ap anseye. — Tit 1:9.
5 Nan predikasyon : Youn nan prensipal responsablite siveyan etid liv la genyen se pran devan nan aktivite predikasyon an (Nonb 27:16, 17). L ap pran bon dispozisyon pou predikasyon e l ap fè tout efò l pou l ede tout moun nan gwoup la jwenn lajwa nan ministè yo (Efe. 4:11, 12). Pou l ka fè tout sa, fò l bay tèt li kòm objektif pou l preche ak chak manm nan gwoup la. Li travay tou ak siveyan sèvis la pou yo chèche wè ki fason yo ka fè pou moun ki bezwen pwogrese nan yon domèn nan ministè yo jwenn èd nan men yon pwoklamatè ki gen plis eksperyans.
6 Antanke yon bèje ki gen lanmou : Siveyan etid liv la enterese nan moun ki gen difikilte pou yo pase anpil tan nan predikasyon akoz sitiyasyon yo. L ap verifye si gen moun ki vrèman limite akoz yo twò granmoun oubyen akoz yo paralize oswa yo malad anpil pandan yon moman. Nan ka sa yo, l ap asire l yo konnen yo ka kontwole lè yo pa 15 minit, si yo pa ka pase inèdtan okonplè pandan yon mwa. (Se komite sèvis kongregasyon an k ap deside kiyès ki nan sitiyasyon pou benefisye aranjman sa a.) Si gen moun ki nan gwoup la ki inaktif, l ap fè tout efò l pou l ede yo reprann aktivite yo nan kongregasyon an. — Lik 15:4-7.
7 N ap di yon kokennchenn mèsi pou lanmou siveyan etid liv yo genyen pou nou ak jan yo montre yo enterese nan nou ak tout kè yo. Sa ap fè “ nou tout nou atenn inite nan lafwa [...] jis nou rive nan nivo Kris la, e pou nou vin konplè menm jan avè l ”. — Efe. 4:13.