Yon èd nan moman ki apwopriye
1 Lè apot Pyè te rann li kont li nesesè pou l fòtifye kretyen yo, sousi l te genyen pou yo te pouse l fè yo kèk rapèl epi ba yo ankourajman avèk amou (2 Pyè 1:12, 13 ; 3:1). Li te ankouraje “ moun ki vin gen yon fwa ” pou yo kontinye devlope kalite espirityèl yo yon fason pou yo pa “ vin swa inaktif, swa esteril konsènan konesans egzak Seyè nou an, Jezi Kris ”. (2 Pyè 1:1, 5-8.) Objektif Pyè se pou l te ede yo asire apèl ak chwa yo te jwenn nan men Jewova, yon fason pou ‘ finalman li jwenn yo san tach, san defo e nan lapè ’. (2 Pyè 1:10, 11 ; 3:14.) Pou anpil nan yo, ankourajman li bay la vin yon èd nan moman ki apwopriye.
2 Jounen jodi a, siveyan kretyen yo gen menm sousi pou pèp Bondye a. Nan “ tan ki di e ki difisil pou moun sipòte ” sa yo, se lite anpil sèvitè Jewova ap lite pou yo andire (2 Tim. 3:1). Akoz pwoblèm ekonomik, pwoblèm nan fanmi oswa pwoblèm pèsonèl ki pa janm sispann, gen moun ki kapab santi yo tankou David ki te di : “ Kalamite sèke mwen jiskaske m pa ka konte yo ankò. Gen plis erè ki frape m pase sa m te ka wè. Yo vin pi plis pase cheve nan tèt mwen. Epi pwòp kè mwen lage m. ” (Sòm 40:12). Presyon sa yo kapab vin tèlman lou, sa vin fè gen moun ki neglije responsablite espirityèl enpòtan yo genyen e yo kapab sispann patisipe defason aktif nan predikasyon. Poutan, malgre tout difikilte sa yo ‘ yo pa bliye kòmandman Jewova yo ’. (Sòm 119:176.) Kounye la a, se moman ki apwopriye pou ansyen yo bay moun sa yo èd ki nesesè. — Iza. 32:1, 2.
3 Nan sans sa a, ansyen yo jwenn ankourajman pou yo fè yon efò espesyal pou yo ede moun ki pa regilye nan predikasyon. Depi kounye a rive jis nan fen mwa mas, gen yon gwo efò k ap fèt pou reyalize objektif sa a. Yo mande siveyan etid liv yo pou yo vizite moun ki inaktif yo pou ba yo èd espirityèl nan objektif pou yo reprann aktivite yo ansanm ak kongregasyon an. Kote sa nesesè, kapab gen aranjman ki fèt pou yon etid biblik. Yo kapab mande lòt pwoklamatè pou yo bay èd pa yo. Si yo envite w kolabore, efò w ap fè kapab trè pwofitab sitou si w ankouraje moun nan avèk jantiyès, e ou montre w konpreyansif.
4 Gen rezon pou tout moun kontan lè yon moun reprann aktivite l nan kongregasyon an (Lik 15:6). Efò n ap fè pou nou ankouraje moun ki inaktif yo kapab vrèman tounen “ yon pawòl moun di nan moman ki apwopriye. ” — Pwo. 25:11.