BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/04 p. 1
  • Annou imite jistis Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou imite jistis Jewova
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • “Tout chemen l se jistis”
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • “Fè sa ki jis” pandan n ap mache avèk Bondye
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • Jezi “mete jistis toupatou sou latè”
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • Jewova pral ‘ fè yo jwenn jistis ’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2004
km 7/04 p. 1

Annou imite jistis Jewova

1 “ Jewova renmen jistis. ” ​(Sòm 37:28). Se sa k fè, menm lè li deside pou monn enjis sa a detwi, li pran dispozisyon pou moun resevwa avètisman anvan sou sa ki gen pou rive (Mak 13:10). Sa bay moun yo opòtinite pou yo repanti e pou yo sove (2 Pyè 3:9). Èske nou fè tout efò nou pou nou imite jistis Jewova ? Èske mizè ak soufrans ki egziste nan monn nan pouse nou pataje esperans Wayòm nan ak pwochen nou (Pwo. 3:27) ? Si nou renmen jistis, sa ap motive nou pou nou patisipe aktivman nan predikasyon.

2 Annou preche san paspouki : Lè nou pale ak tout moun san paspouki de pwogram Bondye, se yon fason pou nou “ pratike jistis ”. (Mika 6:8.) Nou fèt pou nou reziste devan tandans enpèfeksyon fè moun genyen, pou gade lòt moun sou aparans (Jak 2:1-4, 9). Volonte Jewova se “ pou tout kalite moun sove, e pou yo rive jwenn yon konesans egzak sou laverite ”. (1 Tim. 2:4.) Verite ki nan Pawòl Bondye a ka fè gwo chanjman lakay yon moun (Ebre 4:12). Si nou byen konprann sa, sa ap pouse nou abòde moun yo avèk asirans, menm moun ki pa t konn abitye koute mesaj la anvan sa.

3 Gen yon sè ki t ap travay nan yon magazen ki te yon jan renka akoz aparans yon kliyan ki abitye vin nan magazen an. Toutfwa, kou yon okazyon te prezante, sè a te eseye bay mesye a temwayaj konsènan Paradi Bondye pwomèt la. Mesye a rape sè a pou l di l li pa kwè nan fab. Li di l tou li se yon “ hippie ” e li se yon dwoge. Men, sè a pa t kite sa. Yon jou, li mande sè a sa l panse de cheve l ki long nan. Avèk tak, sè a esplike l sa Bib la di sou sa (1 Kor. 11:14). Nan demen, sè a te sezi wè mesye a parèt nan magazen an avèk cheve l koupe byen ba e ak bab li ki fèt byen pwòp. Li mande yon etid, e sè a fè aranjman ak yon frè ki te byen kontan fè etid la. Mesye a vin pwogrese, li vwe vi l bay Bondye e li batize. Menm jan ak mesye sa a, gen anpil nan sèvitè Jewova yo jodi a ki rekonesan dèske moun ki te pote mesaj Wayòm nan pou yo a te fè sa san paspouki e avèk ensistans.

4 Talè konsa, Jewova pral retire enjistis sou tout tè a (2 Pyè 3:10, 13). Nan ti bout tan ki rete a, annou imite jistis Jewova. N ap fè sa lè nou bay tout moun opòtinite pou yo chape anba destriksyon ki pral frape monn enjis Satan an. — 1 Jan 2:17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje