Senkyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
Prevwa kantite paragraf n ap egzamine
1 Lè Jezi t ap anseye, li te teni kont de limit disip li yo. Li te konn pale avèk yo “ selon sa yo te ka koute ”. (Mak 4:33 ; Jan 16:12.) Menm jan an tou jodi a, moun k ap anseye Pawòl Bondye a bezwen veye sou kantite paragraf li ta bon pou yo egzamine pandan yon etid biblik. Kantite sa a ap depann de kapasite ak sitiyasyon ni anseyan an, ni etidyan an.
2 Ede yo gen yon fwa ki solid : Yon etidyan kapab pran de oswa twa seyans pou l kapte sa yon lòt etidyan kapab konprann byen fasil nan yon sèl seyans. Sa ki enpòtan, se pa kouri ak etid la, men se ede etidyan an byen kapte sa n ap montre l la. Chak etidyan bezwen yon baz solid pou lafwa li fèk ap genyen nan Pawòl Bondye a. — Pwo. 4:7 ; Wom. 12:2.
3 Chak semèn n al kondui etid la, pase tan ki nesesè pou n ede etidyan an konprann sa l ap aprann nan Pawòl Bondye a epi pou l aksepte sa l ap aprann nan. Evite ale twò vit, paske sa kapab anpeche etidyan an wè tout enpòtans verite n ap anseye a. Pran ase tan pou nou konsantre sou pwen prensipal yo e pou nou egzamine tèks kle yo, yo menm ki baz ansèyman an. — 2 Tim. 3:16, 17.
4 Kondui etid la yon fason pou l avanse : Pandan n ap veye pou nou pa al twò vit nan etid la, n ap veye tou pou nou pa pèdi fil sijè n ap diskite a. Si yon etidyan gen tandans pale anpil sou bagay pèsonèl, li ta bon pou nou sijere l pou nou pale sou sa apre etid la pito. — Ekl. 3:1.
5 Yon lòt bò, pwòp antouzyas nou pou laverite kapab rann li difisil pou nou pa pale twòp diran etid la (Sòm 145:6, 7). Yon lè konsa, yon ti pwen oswa yon eksperyans kapab anrichi etid la, men nou pa ta vle pou sa fèt tèlman souvan oswa pou sa n ap di a tèlman long, yo anpeche etidyan an jwenn konesans egzak sou ansèyman de baz ki nan Bib la.
6 Lè nou fè yon kantite paragraf ki rezonab chak fwa n ap fè etid la, nou ede moun k ap etidye Labib yo pou yo “ mache nan limyè Jewova a ”. — Iza. 2:5.