Sizyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
Lè yon etidyan poze yon kesyon
1 Yon fwa yon etid biblik fin byen etabli, li toujou pi bon pou nou egzamine ansèyman biblik yo nan lòd olye pou nou soti nan yon sijè tonbe nan yon lòt. Sa ap ede etidyan an pou l bati yon bon fondman anrapò ak konesans egzak la epi pou l pwogrese espirityèlman (Kol. 1:9, 10). Sepandan, byen souvan, etidyan yo konn poze kesyon sou diferan sijè pandan etid la. Ki jan nou ta dwe abòde yo ?
2 Nou bezwen gen disènman : Nou ka toujou reponn kesyon ki gen rapò ak sijè n ap etidye a menm kote a. Si se yon kesyon yo abòde pi lwen nan piblikasyon n ap etidye a, nou ka sèlman atire atansyon sou sa. Sepandan, si yon kesyon pa gen rapò ak sijè n ap etidye a, oswa si se yon kesyon ki mande pou nou fè rechèch pou nou ka reponn li kòrèkteman, li ta pi bon pou nou egzamine kesyon an apre etid la oubyen yon lòt fwa. Gen kèk pwoklamatè ki twouve lè yo note kesyon yo, sa asire etidyan an yo pran kesyon l lan oserye, e anmenmtan sa evite yo antre nan lòt detay ki pa nesesè nan moman an.
3 Gen anpil ansèyman biblik yo egzamine an brèf nan piblikasyon nou itilize pou kòmanse etid biblik yo. Ki sa pou nou fè si yon etidyan mal pou aksepte yon ansèyman, oswa si li rete kole ak yon fo kwayans ? Li ta bon pou nou egzamine lòt piblikasyon ki trete afon sa Bib la di sou sijè a. Si etidyan an toujou pa satisfè, kite sijè a pou yon lòt fwa epi kontinye ak etid la nòmalman (Jan 16:12). Pandan l ap ogmante konesans li sou Bib la e l ap pwogrese espirityèlman, li ka vin konprann ansèyman biblik sa a.
4 Nou bezwen gen modesti : Si w pa byen konnen repons yon kesyon, bat pou w pa bay pwòp opinyon pa w (2 Tim. 2:15 ; 1 Pyè 4:11). Esplike etidyan an ou pral fè rechèch sou kesyon an e w ap vini ak repons lan. Ou ka tou pwofite montre etidyan an ki jan pou l fè rechèch. Tikras pa tikras, montre l kòman pou l sèvi ak zouti òganizasyon Jewova a ban nou. Konsa, l ap kapab anmezi pou l reponn pwòp kesyon li menm li poze.— Tra. 17:11.