Yon kasèt videyo ki gen yon mesaj k ap toujou itil
Ki mesaj ki gen nan kasèt videyo David : il mettait sa confiance en Dieu ? Videyo sa a montre nou dwe mete konfyans nou nan Jewova menm jan ak David (Sòm 91:2). Lè timoun kou granmoun wè prensipal evènman ki te pase nan lavi David yo devan je yo, sa pral ede yo aprann nan egzanp li bay (Sòm 31:14). Pou fè nou tire plis pwofi, DVD sa a gen yon “ seri kesyon ” ki akonpaye l ak plizyè “ aktivite edikatif ”.
Fin gade videyo a, e apre sa poze tèt ou kesyon : 1) Poukisa Jewova te chwazi yon pi bon wa (1 Sam. 15:10, 11 ; 16:1) ? 2) Poukisa Jewova pa t chwazi ni youn ni lòt nan frè David yo (1 Sam. 16:6, 7) ? 3) Poukisa Sayil te renmen pou David jwe hap (1 Sam. 16:14-23) ? 4) Ki moun Golyat te ye (1 Sam. 17:4-10) ? 5) Poukisa David te vle konbat Golyat (1 Sam. 17:23, 24, 36, 37) ? 6) Ki moun Yonatàn te ye (1 Sam. 14:1) ? 7) Nan ki moman Sayil te vin ènmi jire David (1 Sam. 18:25-29) ? 8) Poukisa David pa t touye Sayil (1 Sam. 26:7-11) ? 9) Kòman Sayil te mouri (1 Sam. 31:1-6) ? 10) Kòman David te reyaji lè Yonatàn te mouri (2 Sam. 1:11, 12) ? 11) Ki pwomès Jewova te fè David (2 Sam. 7:12, 13, 16) ? 12) Ki erè grav David te fè (2 Sam. 11:1-5, 14-17) ? 13) Kòman David te montre li regrèt anpil sa l te fè a (Sòm 51) ? 14) Ki leson David te anseye Salomon pandan li te jèn (1 Wa 2:1-4 ; 1 Kwo. 22:6-13 ; 28:9, 10) ? 15) Kòman rèy Jezi a pral pwofitab pou David, pou Yonatàn epi pou ou ? — Iza. 11:6-9 ; Jan 11:25, 26.
Kounye a, fè yon ti reflechi : Kòman pèsonèlman ou kapab imite konfyans David te montre l genyen nan Bondye a ?
Paran, fè timoun nou yo byen konprann enpòtans pou yo gen konfyans nan Bondye tankou David. Sa gen yon valè dirab. — Sòm 56:11.