BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/05 p. 5
  • Pwogram pou fanmi an — Tèks pou jounen an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram pou fanmi an — Tèks pou jounen an
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Sou menm sijè a
  • Fè yon pwogram ki pratik pou fanmi an
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Annou bay Pawòl Jewova atansyon nou toulejou !
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Èske w byen pwofite bwochi Ann Egzamine Ekriti yo chak jou a?
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Chèf fanmi : fè sa nou kapab pou nou kenbe yon bon pwogram espirityèl
    Ministè Wayòm nan — 2002
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2005
km 5/05 p. 5

Pwogram pou fanmi an — Tèks pou jounen an

1 Paran ki gen lanmou fè anpil efò chak jou pou yo bay pitit yo bonjan manje. Li pi enpòtan toujou pou yo bay pitit yo manje espirityèl ki soti nan Pawòl Bondye a (Mat. 4:4). Yon fason w kapab ede pitit ou devlope yon bonjan apeti espirityèl e w ka ede yo “ grandi [...] pou delivrans lan ” se lè w pran tan chak jou pou w egzamine tèks pou jounen an ak kòmantè ki fèt sou li yo an fanmi (1 Pyè 2:2). Ki lè w ka antre sa nan pwogram fanmi w ?

2 Lè n ap manje : Lè w kòmanse jounen an ak egzamen tèks la sa ka ede manm fanmi w kenbe Jewova nan lespri yo pandan jounen an (Sòm 16:8). Gen yon manman ki te deside li tèks la ak kòmantè yo epi fè yon ti pale sou yo ansanm ak pitit gason l pandan y ap manje lematen, e li te konn priye avè l anvan l al lekòl. Sa te bay pitit li a fòs pou l pran yon pozisyon fèm san l pa fè konpwomi fas ak nasyonalis, sa te pèmèt li reziste devan avans imoral, e sa te ede l bay ni elèv yo ni pwofesè l yo temwayaj avèk kouraj. Malgre se li menm sèl ki te Temwen nan lekòl li, li pa t janm santi l poukont li.

3 Si li pa pratik pou w egzamine tèks la nan maten, ou ka egzamine l an fanmi pi ta nan jounen an, petèt pandan n ap soupe. Pandan moman sa a tou, gen moun ki konn pale de eksperyans yo te fè nan predikasyon ak pwen yo te apresye nan etid pèsonèl yo. Se avèk tandrès anpil moun sonje moman konsa yo te konn pase ansanm pandan y ap manje, e moman sa yo fè pati pi bon moman yo te pase ansanm an fanmi.

4 Lannuit : Pou kèk fanmi, pi bon moman pou yo egzamine tèks pou jounen an se yon ti tan anvan y al dòmi. Se kapab yon bon okazyon tou pou yo priye ansanm. Tank timoun ou yo ap tande w k ap pale de Jewova chak jou epi tank y ap tande w k ap priye l, se tank l ap vin pi reyèl pou yo.

5 Nou swete pou Jewova beni efò w ap fè pou laverite antre nan kè pitit ou yo toutpandan w ap byen sèvi ak bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje