Liv Sa Labib anseye a : prensipal liv pou nou fè etid biblik
1 Se pa ti kontan nou te kontan lè liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a te parèt nan kongrè distri “ Obeyisans ki onore Bondye ” a ! Kongresis yo te kontan resevwa pwòp liv pa yo nan fen pwogram samdi a. Ki jan nou pral sèvi ak nouvo zouti pou anseye sa a ? Yo te fè l pou l sèvi kòm prensipal liv pou nou fè etid biblik. Menmsi se nan mwa mas nou pral kòmanse ofri liv sa a, pwoklamatè yo mèt kòmanse sèvi avè l tousuit pou yo fè etid biblik.
2 Etid biblik ki deja kòmanse : Pwoklamatè k ap kondui etid biblik nan liv Konesans lan oswa nan bwochi Bondye vle a dwe itilize bon jijman lè y ap deside ki fason e ki lè pou yo kòmanse sèvi ak nouvo piblikasyon an. Si nou apèn kòmanse yon etid, nou ka annik rekòmanse nan nouvo liv la. Si nou deja avanse nan liv Konesans lan, nou ka kontinye etid la nan chapit liv Sa Labib anseye a ki koresponn ak chapit nou rive nan liv Konesans lan. Si nou nan fen liv Konesans lan, nou ka deside fini avè l.
3 Se sèten, nou konnen anpil moun ki ta ka tire pwofi si yo etidye liv Sa Labib anseye a. Èske li pa ta bon pou nou ofri chak moun yon etid biblik nan liv sa a ki anseye verite ki nan Bib la yon fason pwogresif ? Pa egzanp, moun ki deja etidye bwochi Bondye vle a oswa liv Konesans lan, men ki pa t fè pwogrè nan pwen pou yo vwe yo e pou yo batize ka byen renmen rekòmanse etid yo nan nouvo liv la. Paran yo kapab sèvi ak piblikasyon sa a pandan y ap bay pitit yo yon konesans egzak sou volonte Bondye. — Kol. 1:9, 10.
4 Etid nan yon dezyèm liv : Apre nou fin egzamine liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a ak yon etidyan, èske gen dispozisyon ki pran pou nou etidye yon dezyèm liv avè l ? Wi. Si nou wè yon etidyan ap fè pwogrè, menmsi pwogrè yo lan, e si nou wè li gen rekonesans pou sa l ap aprann, nou ka kontinye etid la nan liv Adorez le seul vrai Dieu a. Nou sèten liv Sa Labib anseye a ap yon zouti pisan nan men nou, etan n ap ranpli misyon nou genyen pou nou fè disip. — Mat. 28:19, 20.