Èske w mande yo pou yo fè w pran kontak ak lòt moun ?
Si w ap kondui yon etid biblik aktyèlman, sa w panse si w mande etidyan an si l pa gen kèk zanmi l, fanmi l, oswa kèk moun li konnen ki ta renmen, yo menm tou, aprann sa Labib anseye ? Byen souvan, yo konn bay plizyè non. Ou ka mande etidyan an pèmisyon pou w site non l lè w al vizite moun sa yo pou w ofri yo yon etid biblik. Men sa w ka di : “ [Entèl] renmen etid l ap fè nan Bib la, e li panse ou menm tou ou ta ka byen renmen benefisye pwogram etid biblik gratis n ap ofri a. ” Epi, rapidman, ou ka itilize liv Sa Labib anseye a pou w montre l ki jan etid la dewoule.
Si w gen yon etidyan k ap fè bon pwogrè, ou ka ankouraje l pou l esplike zanmi l ak fanmi l ki ta enterese ki jan yon etid biblik fèt. Li ka envite yo asiste etid pa l. Oubyen, si l pa posib pou yo, li ka fè aranjman avè w pou w rankontre yo pou w montre yo ki jan yon etid biblik fèt. Sa ap ankouraje etidyan an pou l kòmanse pale de konesans li gen sou Bib la ak lòt moun.
Moun ou retounen vizite regilyèman yo, yo menm tou, yo ka fè w pran kontak ak lòt moun, menm lè yo menm, yo poko aksepte fè yon etid biblik regilye. Lè w ap ofri yo liv Sa Labib anseye a, ou ka annik mande yo : “ Èske w konnen yon lòt moun ki t ap renmen gen liv sa a ? ”
Piske nou konnen pa ret anpil tan, nou vle itilize tout mwayen posib pou nou ede moun yo tande bon nouvèl la e pou yo aksepte l. Èske w mande etidyan w yo pou yo fè w pran kontak ak lòt moun ?