Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 avr.
“ Prèske tout moun dakò youn nan mwayen kle pou yon fanmi viv ak kè kontan, se yon bon kominikasyon. Men, anpil moun twouve li difisil pou yo kominike youn ak lòt kòrèkteman. Dapre ou, sa k fè sa ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a bay plizyè sijesyon ki ka ede yon moun amelyore kapasite li genyen pou l kominike ak lòt moun. ” Li Jak 1:19.
Réveillez-vous! Avr.
“ Gen anpil moun ki di, lè yo itilize kwa, sa fè yo santi yo pi pre Bondye. Men, gen kèk lòt moun k ap mande : èske li nòmal pou yon moun venere yon objè yo te touye Jezi sou li ? Èske vrèmanvre Jezi te mouri sou yon kwa ? Atik ki kòmanse nan paj 12 la egzamine kesyon sa yo ann amoni ak sa Bib la di. ” Li Travay 5:30.
Toudegad 1ye me
“ Nan lemonnantye, gen plizyè milyon moun k ap viv nan mizè, tèlman yo pòv. Ki sa w panse ki ta dwe fèt pou ede moun sa yo ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li 1 Pyè 2:21.] Peryodik sa a montre ki jan, menm jan ak Jezi, nou ka montre nou gen sousi pou moun ki pòv. ”
Réveillez-vous! Me
“ Èske ou janm mande tèt ou poukisa nou vyeyi ? [Kite moun nan reponn.] Bib la bay esplikasyon sou rezon ki fè nou vyeyi, e li montre kòman Bondye ban nou posiblite pou nou viv nètale. [Li Izayi 25:8.] Réveillez-vous ! sa a egzamine kèk pwennvi moun genyen kounye a konsènan rezon ki fè moun vyeyi. ”