Yon egzanp pou moun tout laj
Li te gen yon trè bon relasyon ak Bondye, yon relasyon entim. Li te pase tout vi l ap fè volonte Jewova. Li “ t ap mache avèk vrè Dye a ” e li te jwenn benediksyon poutèt li te fè sa. Moun sa a se Noye, e li se yon egzanp ki merite pou tout moun imite, timoun kou granmoun (Jen. 6:9). Kasèt videyo Noé : il marchait avec Dieu a ap ede w imajine ki vi Noye t ap mennen, poukisa li te merite benediksyon Jewova, e ki jan nou ka imite bèl kalite li te demontre yo.
DVD Noye a gen ladan l yon “ seri kesyon ”. Gade fim nan epi chèche reponn kesyon sa yo : 1) Ki sa kèk zanj te fè ki pa t bon, e kiyès Nefilim yo te ye ? 2) Sa k fè moun yo te vin mechan konsa, e ki jan sa te fè Bondye santi l (Jen. 6:4-6) ? 3) Ki jan Noye te montre l diferan (Jen. 6:22) ? 4) Ki jan mechan yo te detwi (Jen. 6:17) ? 5) Ki gwosè lach la te ye (Jen. 6:15) ? 6) Ki lòt bagay Noye te fè, e ki reyaksyon moun yo te genyen (Mat. 24:38, 39 ; 2 Pyè 2:5) ? 7) Ki kantite nan chak bèt ki te antre nan lach la (Jen. 7:2, 3, 8, 9) ? 8) Konbyen tan lapli te fè ap tonbe, e konbyen tan tè a te fè kouvri nèt ak dlo (Jen. 7:11, 12 ; 8:3, 4) ? 9) Sa k te fè Noye ak fanmi l sove (Jen. 6:18, 22 ; 7:5) ? 10) Ki kote lach la te vin poze (Jen. 8:4) ? 11) Ki jan Noye te fè vin konnen li kapab soti nan lach la san pwoblèm (Jen. 8:6-12) ? 12) Ki sa Noye te fè lè l soti (Jen. 8:20-22) ? 13) Ki sa lakansyèl la reprezante (Jen. 9:8-16) ? 14) Ki sa ‘ mache avèk Bondye ’ vle di (Jen. 6:9, 22 ; 7:5) ? 15) Ki sa nou dwe fè si nou vle wè Noye nan Paradi a (Mat. 28:19, 20 ; 1 Pyè 2:21) ?
Nan sa Bib la rakonte konsènan Noye, yon nonm ki te fidèl e ki te obeyisan, ki sa w aprann sou fason ou menm tou ou kapab ‘ mache avèk Bondye ’, e sou fason ou kapab gen konfyans nan pouvwa Jewova genyen pou l delivre pèp li a nan epòk n ap viv la ? — Jen. 7:1 ; Pwo. 10:16 ; Ebre 11:7 ; 2 Pyè 2:9.