Konstriksyon Sal Wayòm : yon aspè enpòtan nan sèvis sakre a
1. Ki travay ki te akonpli nan kad konstriksyon Sal Wayòm, e ki bezwen ki toujou egziste ?
1 Ann Ayiti, diran senk ane ki sot pase yo, yo konstwi 20 Sal Wayòm e yo renove uit lòt. Nou rekonesan anpil pou travay di Biwo konstriksyon Sal Wayòm nan fè ansanm ak de ekip konstriksyon yo, plis tout lòt moun ki ede yo. Malgre gen yon pakèt travay ki fèt, toujou rete anpil travay ki pou fèt nan kad konstriksyon Sal Wayòm. Ki fason nou tout nou ka soutni aspè enpòtan sa a nan sèvis sakre n ap bay Jewova a ? — Rev. 7:15.
2. Ki jan nou ka soutni travay konstriksyon Sal Wayòm yo dirèkteman ?
2 Se pou nou gen bon dispozisyon : Si w se yon pwoklamatè batize, nou envite w ranpli yon fòmilè Demande d’admission au programme des volontaires pour la construction de Salles du Royaume pou w rann ou disponib pou w travay nan konstriksyon Sal Wayòm (Sòm 110:3). Tout volontè yo dwe devwe nan travay yo e yo dwe gen espri kowoperasyon (Sòm 133:1). Menmsi w pa gen konpetans nan konstriksyon, ou ka kontribye anpil pou yon pwojè konstriksyon byen mache. Ou ka resevwa fòmasyon tou k ap pèmèt yo plis itilize w alavni.
3. Ki lòt fason nou ka montre n ap soutni aranjman sa a ?
3 Si w pa kapab sèvi kòm volontè, ou ka bay sipò w nan ankouraje lòt moun ki anmezi patisipe nan aranjman sa a. Ou ka kontribye pou fè travay moun ki deplase al sèvi yo te konn fè nan kongregasyon yo. Lè ansyen yo planifye alavans, yo ka asire yo travay nan kongregasyon an fèt byen, lè gen kèk moun ki deplase al travay nan yon pwojè Sal Wayòm. Pa gen dout, sa fè Jewova plezi lè nou travay ansanm nan linite pou fè enterè Wayòm nan avanse. — Ebre 13:16.
4. Ki jan nou ka ankouraje moun ki patisipe nan pwojè konstriksyon Sal Wayòm yo ?
4 Se pou nou pozitif : Konstriksyon lokal kote nou bay adorasyon mande anpil tan e sa mande pou nou travay di. Donk, nou ka konprann poukisa moun yo envite vin patisipe nan pwojè konstriksyon yo konn deplase kite kongregasyon yo pafwa. Nou ta dwe santi nou pouse pou nou felisite volontè konstriksyon yo e pou nou ankouraje yo poutèt yo fè sakrifis pou yo okipe yo de “ travay nesesè sa a ”. — Tra. 6:3 ; Wom. 14:19.
5. Ki jan volontè nan konstriksyon yo montre yo ekilibre ?
5 Se pou nou ekilibre : Predikasyon Wayòm Bondye a se prensipal aktivite teyokratik nou (Mak 13:10). Volontè k ap travay nan ekip konstriksyon Sal Wayòm yo konnen sa. Se poutèt sa, yo fè efò pou yo kontinye gen yon bèl patisipasyon nan predikasyon, pou yo fè vizit e pou yo kondui etid biblik. Menm jan an tou, frè ak sè ki vin travay kòm volontè pou ede ekip konstriksyon yo rezève tan pou yo preche tou.
6. Lè tout moun nan kongregasyon an kowopere ansanm pou fè vrè adorasyon an avanse, ki sa nou akonpli ?
6 Selon deskripsyon apot Pòl te fè, manm kongregasyon an ap travay ansanm nan linite “ pou kwasans kò a, pou l bati tèt li nan lanmou ”. (Efe. 4:16.) Lanmou nou pou Jewova e pou vrè adorasyon an pouse nou kowopere ansanm pou nou preche bon nouvèl la e pou nou soutni konstriksyon Sal Wayòm yo.