Ministè nou an : yon travay ki reflete konpasyon
1 Jezi te remake gwo foul moun ki t ap koute mesaj li a “ te depafini e yo te gaye tankou mouton ki san bèje ”. (Mat. 9:36.) Avèk tandrès e avèk amou, li te aprann yo prensip Jewova yo, li te rekonfòte yo, e avèk konpasyon, li te konble bezwen espirityèl yo te genyen. Lè nou medite sou fason Jezi te konn aji, n ap aprann panse menm jan avè l e n ap vin santi nou menm jan avè l, e lè sa a konpasyon ap vin parèt klè nan ministè nou.
2 Pran yon ti moman pou w reflechi sou fason Jezi te reyaji lè moun ki te bezwen èd te vin kote l (Lik 5:12, 13 ; 8:43-48). Li te gen konsiderasyon pou moun ki te gen bezwen patikilye yo (Mak 7:31-35). Li te konnen santiman moun yo e li te gen sousi pou yo. Li pa t gade moun sou aparans (Lik 7:36-40). Anfèt, Jezi te reflete konpasyon ak tandrès Bondye nou an gen lakay li yon fason ki pafè.
3 “ Li te santi l gen pitye ” pou moun yo : Jezi pa t ranpli ministè l paske li te santi se te yon senp obligasyon. Li te “ santi l gen pitye ” pou moun yo (Mak 6:34). Menm jan an tou jodi a, nou pa sèlman ap bay yon mesaj, men n ap eseye sove lavi moun yo, e lavi yo gen anpil valè. Chèche konprann poukisa moun yo reyaji jan yo reyaji a. Ki sa k fè yo gen sousi oswa ki sa ki okipe lespri yo ? Èske bèje nan fo relijyon yo neglije yo, èske yo te ba yo manti ? Enterè sensè nou gen pou moun yo ka pouse yo koute bon nouvèl la. — 2 Kor. 6:4, 6.
4 Konpasyon touche kè moun. Men yon egzanp ki ka ede nou konprann sa : Gen yon dam ki t ap soufri akoz lanmò tipitit fi li ki te gen twa mwa. De sè Temwen te frape pòt li. Li envite yo antre nan entansyon pou l kontrekare agiman yo bay konsènan rezon ki fè Bondye pèmèt soufrans. Sepandan, men sa dam nan te di annapre : “ Yo te koute m avèk anpil konpasyon, e lè yo t aprale, mwen te tèlman vin santi m pi byen, mwen te aksepte yon lòt vizit. ” Èske w fè efò pou w manifeste konpasyon pou tout moun ou rankontre nan ministè a ?
5 Lè nou kiltive konpasyon, sa ede nou bay pwochen nou bonjan rekonfò. Lè nou fè sa, nou glorifye Jewova, “ Papa ki gen kè sansib la ”. — 2 Kor. 1:3.