Nan mwa septanm nan, n ap ofri yon nimewo Réveillez-vous ! espesyal
1 Prèske tout moun renmen tande chan zwazo yo e yo renmen gade kouche solèy. Sepandan, anpil moun pa rekonèt se yon Papa ki nan syèl la, ki plen lanmou ki kreye bagay sa yo. Nou pral gen yon okazyon san parèy pou nou bay temwayaj konsènan pozisyon Jewova Dye antanke Kreyatè, etan nou pral distribye yon nimewo Réveillez-vous ! espesyal (Iza. 40:28 ; 43:10). Nimewo mwa septanm nan pral pale sou sijè sa a sèlman : “ Èske gen yon Kreyatè ? ”
2 Nan tèritwa a : Si sa posib, fè aranjman pou nou patisipe nan predikasyon kay an kay ak kongregasyon an chak samdi. Natirèlman, nou kapab ofri nimewo espesyal la nan lòt jou nan semèn nan. Siman, nimewo sa a ap enterese pwofesè yo ak lòt moun ki travay nan domèn edikasyon. Pakonsekan, nou kapab fè aranjman espesyal pou nou vizite moun sa yo ki nan tèritwa nou.
3 Si moun nan montre li enterese, poze l yon kesyon n ap reponn nan pwochen vizit la. Pa egzanp, nou ta kapab soulve yon kesyon konsènan rezon ki fè yon Kreyatè ki plen lanmou pèmèt tout soufrans sa yo. Apre sa, lè nou retounen al vizite moun nan, nou ka pale sou chapit 1 oswa chapit 11 nan liv Sa Labib anseye a. Oubyen, nou kapab chwazi soulve yon kesyon anrapò ak objektif Kreyatè a genyen pou tè a, epi apre sa, nou kapab egzamine chapit 3 a lè nou retounen.
4 Nan lekòl : Si nou lekòl, sa nou panse si nou ofri pwofesè nou yo ak etidyan parèy nou yo Réveillez-vous ! espesyal sa a kòm kado ? Si nou annik mete yon egzanplè sou biwo nou, sa kapab pouse yo poze nou kesyon sou kwayans nou. Petèt, n ap jwenn okazyon pou nou itilize enfòmasyon ki ladan l yo lè n ap defann fwa nou nan deba k ap fèt nan klas la e lè nou gen pou nou prepare redaksyon. Pou fasilite nou, nan nimewo Réveillez-vous ! sa a, gen yon atik “ Les jeunes s’interrogent ” ki gen kòm tit : “ Ki jan mwen kapab defann kwayans mwen genyen nan lakreyasyon ? ”
5 Jewova merite onè ak glwa poutèt bagay li kreye yo (Rev. 4:11). Nou kapab onore Kreyatè nou an, e nou kapab ede lòt moun fè sa, lè nou ofri nimewo Réveillez-vous ! mwa septanm nan avèk antouzyas.