BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/07 p. 3-5
  • Fè konnen bèl kalite Jewova yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fè konnen bèl kalite Jewova yo
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Sou menm sijè a
  • Yon bèl objektif pou nouvo ane sèvis la
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • “ Bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl ” la
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Preche epi bay yon temwayaj konplè
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Prepare w depi kounye a pou w fè plis nan travay predikasyon an
    Ministè Wayòm nan — 2012
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2007
km 2/07 p. 3-5

Fè konnen bèl kalite Jewova yo

1. Ki sa ki pouse nou fè moun konnen bèl kalite Jewova yo ?

1 “ Se ou menm, o Jewova, ki gen grandè, fòs, bote, ekselans ak diyite, paske tout sa ki nan syèl la ak sa ki sou tè a se pou ou. ” ​(1 Kwo. 29:11). Ki efè lanmou ak rekonesans nou gen pou Jewova gen sou nou ? Sa pouse nou “ fè konnen bèl kalite sila a ki te rele nou soti nan fènwa a pou nou vin nan limyè estrawòdinè li a ”. (1 Pyè 2:9.) Nou pa ka sispann pale lòt moun de grandè Bondye ! Nou pral gen bèl okazyon pou nou fè konnen bèl kalite Jewova yo pandan mwa mas, avril ak me.

2. Ki kanpay espesyal yo planifye pou anonse Memoryal la, e kiyès ki kapab patisipe ladan l ?

2 Yon kanpay espesyal pou anonse Memoryal la : Nan lendi k ap 2 avril, nou pral atire atansyon sou bèl kalite Jewova yo pandan nou pral obsève Soupe Seyè a. Nou pral distribye yon fich envitasyon espesyal sou tout tè a pou evènman enpòtan sa a, kòmanse 17 mas pou rive 2 avril. Nou ankouraje tout moun pou yo patisipe afon nan kanpay sa a. Se pral yon bèl okazyon pou nouvo yo kòmanse pwoklame bon nouvèl la, si yo kalifye pou sa. Si nou gen etidyan nou oswa pitit nou nou panse ki kalifye, pran inisyativ pou nou pale ak ansyen yo.

3. Ki sa nou kapab di pou nou envite moun yo nan Memoryal la ?

3 Kanpay sa a ap sanble ak kanpay ki te fèt pou kongrè distri “ Delivrans lan toupre ! ” a. Kongregasyon yo ap resevwa ase fich envitasyon yon fason pou chak pwoklamatè jwenn 50 fich e pou chak pyonye jwenn 150 fich. Fè yon prezantasyon ki kout. Petèt ou ta kapab di : “ Fich envitasyon sa a se envitasyon pa w pou yon evènman espesyal ki fèt chak ane. Y ap byen akeyi w. W ap jwenn plis detay sou fich envitasyon an. ” Si moun n ap bay envitasyon an poze nou kesyon, pran tan pou nou reponn. Atik ki gen kòm tit : “ Soupe Seyè a : yon selebrasyon ki onore Bondye ”, ki kòmanse nan paj 206 nan apendis liv Sa Labib anseye a, kapab ede nou nan sans sa a. Nan wikenn yo, n ap ofri nouvo peryodik yo ansanm ak fich envitasyon espesyal la. Si gen moun ki enterese, pran nòt epi fè aranjman pou nou retounen al vizite yo.

4. Ki jan nou pral distribye fich envitasyon espesyal la ?

4 Kote sa posib, nan chak kay nou ta dwe bay moun nou jwenn nan kay la yon fich envitasyon nan men. Kidonk, note kay kote moun yo pa la, epi pran dispozisyon pou nou retounen yon lòt lè. Kongregasyon ki gen anpil fich envitasyon ki rete kapab kite yo nan kay kote moun yo pa la, nan dènye semèn anvan Memoryal la. Yo pa dwe kite yo anvan sa. Asire nou moun nou gen vizit ak yo, etidyan nou yo, fanmi nou, kòlèg travay nou, vwazen nou ak moun nou rekonèt, resevwa yon fich envitasyon tou.

5. Poukisa se depi kounye a pou nou kòmanse fè planifikasyon pou nou pran sèvis pyonye oksilyè ?

5 Sèvis pyonye oksilyè : Èske nou kapab fè moun yo konnen bèl kalite Jewova yo pi plis toujou lè nou pran sèvis pyonye oksilyè pandan mwa mas, avril ak me ? Pou nou fè sa, sa ap mande pou nou fè ajisteman nan pwogram nou (Efe. 5:15-17). Nou mèt asire nou, si nou fè efò pou nou fè plis nan sèvis Jewova a, n ap jwenn lajwa, e Jewova ap beni nou (Pwo. 10:22). Etandone epòk Memoryal la ap pwoche, se depi kounye a pou nou kòmanse fè planifikasyon. — Pwo. 21:5.

6. Ki leson nou kapab tire nan eksperyans yon sè ki te pran sèvis pyonye oksilyè ane pase alòske li te gen katrevendizan ?

6 Gen yon sè ki te pran sèvis pyonye oksilyè ane pase alòske li te gen katrevendizan. Men sa l te di : “ Byenke mwen renmen fè jaden e mwen te vle kòmanse plante, mwen te vin konprann mwen bezwen byen fikse priyorite m. Etandone mwen te gen dezi pou m met enterè Wayòm nan an premye nan lavi m, mwen te deside pran sèvis pyonye oksilyè pandan mwa mas. ” Èske li te jwenn benediksyon pou efò l yo ? Men sa li di : “ Mwen santi m vin pi pwòch kongregasyon an, e sa fè m vin pi pwòch Jewova. ” Èske menm jan ak sè sa a, nou kapab analize priyorite nou epi fè ajisteman nan lavi nou si sa nesesè ?

7. Èske li difisil pou nou pran sèvis pyonye oksilyè ?

7 Pou w rive atenn 50 èdtan, li pa difisil jan w ta ka panse. Analize nan lapriyè aktivite ou genyen chak jou, etabli yon pwogram, epi ekri pwogram sa a nan kanè kote w note aktivite teyokratik ou yo. Se ou menm ki pi byen konnen sitiyasyon w. Si w gen pwoblèm sante, epi w manke enèji, petèt ou ka patisipe nan ministè a pandan dezèdtan pa jou. Si w ap travay aplentan oswa ou lekòl, petèt w ap kapab pran sèvis pyonye oksilyè si w patisipe nan ministè a nan aprèmidi oswa nan wikenn.

8. Ki sa ki te pèmèt yon koup marye pran sèvis pyonye oksilyè ?

8 Gen anpil fanmi ki rive pran sèvis pyonye oksilyè. Gen yon koup marye ki te toujou ap ezite pou yo pran sèvis pyonye oksilyè paske yo te panse sitiyasyon yo pa t ap pèmèt yo fè sa. Ki sa yo te fè ? “ Nou te priye Jewova pou l ede nou fè sa nou te vle fè ansanm depi lontan. ” Avèk bonjan planifikasyon, yo te rive atenn objektif yo. Men sa yo te ajoute : “ Se te estrawòdinè. Nou te jwenn anpil benediksyon. Nou ankouraje tout moun pou yo pran sèvis la. Si nou menm nou te rive pran sèvis la, li posib pou ou menm tou ou rive pran l. ”

9. Ki sa nou kapab fè nan pwochen etid familyal nou pou nou prepare nou pou mwa aktivite espesyal k ap vini yo ?

9 Poukisa nou pa pran yon ti tan nan pwochen etid familyal nou pou nou egzamine ki jan tout moun nan fanmi an ka ogmante aktivite yo nan mwa k ap vini yo ? Menmsi tout fanmi an pa kapab pran sèvis pyonye oksilyè, petèt youn nan yo kapab rive pran sèvis la si lòt moun nan fanmi an ede l e yo kowopere avè l. Si sa pa posib, petèt fanmi an kapab deside pase plis tan nan ministè a nan mwa aktivite espesyal sa yo.

10. Poukisa nou ta dwe pale ak lòt moun de dezi nou genyen pou nou pran sèvis pyonye oksilyè pandan epòk Memoryal la ?

10 Youn ede lòt : Antouzyas se yon bagay ki kontajye. Pale de dezi nou genyen pou nou pran sèvis pyonye oksilyè. Sa ka ankouraje lòt pwoklamatè pou yo ranpli yon fich. Anplis de sa, frè ak sè ki konn pran sèvis la kapab ban nou sijesyon k ap ede nou òganize nou e k ap ede nou etabli yon pwogram dekwa pou nou ka atenn objektif nou (Pwo. 15:22). Si w kapab pran sèvis pyonye oksilyè, sa w panse si w mande yon lòt pwoklamatè, petèt yon moun ki nan menm sitiyasyon ak ou pou l patisipe avè w nan aktivite sa a ki bay lajwa ?

11. Ki jan ansyen yo kapab fè frè ak sè yo vin gen antouzyas pou yo pran sèvis pyonye oksilyè ?

11 Gen anpil ansyen ki konn fè aranjman pou yo pran sèvis pyonye oksilyè (Ebre 13:7). Sa vrèman ankourajan pou kongregasyon an ! Ansyen yo ka fè frè ak sè yo vin gen antouzyas grasa konvèsasyon yo genyen avèk yo. Pou kèk moun, se kapab sèlman kèk bon pawòl ankourajan oswa kèk sijesyon pratik yo bezwen pou yo pran sèvis pyonye oksilyè. Sandout, siveyan sèvis la ap pran dispozisyon pou gen plis reyinyon predikasyon yon fason pou tout moun kapab preche an gwoup menmsi se apre travay oswa apre lekòl. Yo ta dwe anonse dispozisyon sa yo regilyèman. Siveyan sèvis la ap asire l tout moun gen ase tèritwa ak piblikasyon.

12. Ki sa nou kapab fè si nou pa ka pran sèvis pyonye oksilyè ?

12 Menmsi sitiyasyon nou pa pèmèt nou pran sèvis pyonye oksilyè, nou kapab ankouraje frè ak sè ki pran sèvis la e nou kapab priye pou yo (Pwo. 25:11 ; Kol. 4:12). Petèt nou kapab fè aranjman pou nou soti avèk yo nan ministè a yon jou anplis nan semèn nan oswa nou kapab pase plis tan nan predikasyon pase sa nou abitye pase.

13. Ki objektif nou genyen pou Ayiti e ki jan kongregasyon nou an ka kontribye pou nou rive atenn li ?

13 Objektif pou mwa avril : 2 500 pyonye oksilyè : Pi gwo kantite pyonye oksilyè ki te janm genyen ann Ayiti se te 2 359, e se te nan ane 2006. Donk, objektif nou genyen pou nou atenn 2 500 pyonye oksilyè nan mwa avril la se yon objektif ki reyalis. Nou ka atenn objektif sa a si anviwon yon pwoklamatè sou senk nan chak kongregasyon pran sèvis pyonye oksilyè. Nòmalman, gen kèk kongregasyon k ap gen plis pwoklamatè k ap kapab pran sèvis la. L ap fasil pou pifò kongregasyon yo atenn objektif sa a. Imajine jan sa pral ankouraje kongregasyon nou an epi imajine efè pozitif sa pral gen sou ministè a nan tèritwa kongregasyon nou an !

14. Poukisa mwa avril la se yon bon mwa pou nou pran sèvis pyonye oksilyè ?

14 Poukisa mwa avril se yon bon mwa pou nou pran sèvis pyonye oksilyè ? Kòm Memoryal la ap fèt nan kòmansman mwa avril la, sa ap ban nou okazyon pou nou retounen al vizite moun ki vin nan Memoryal la. Nou pral ofri peryodik yo, men, lè nou retounen fè vizit, n ap gen objektif pou nou ofri liv Sa Labib anseye a epi pou nou kòmanse etid biblik. Donk, si nou pran sèvis pyonye oksilyè nan mwa avril, sa ap ban nou anpil okazyon pou nou kòmanse etid biblik. Lefètke mwa avril gen senk dimanch ak jou ferye, l ap pi fasil pou sila k ap travay yo ak sila ki lekòl yo pran sèvis la.

15. Poukisa nou ta dwe aji san pèdi tan, etandone epòk Memoryal la ap pwoche ?

15 Chak epòk Memoryal ki pase se yon ane ki pase ki fè nou vin pi pre fen sistèm de choz sa a. Tan ki rete pou nou pale lòt moun de Bondye nou an redui (1 Kor. 7:29). Yonfwa epòk Memoryal sa a pase, bèl okazyon nou te genyen nan epòk sa a pou nou bay Papa nou ki nan syèl la glwa ap pase nèt tou. Annou fè preparasyon depi kounye a pou nou fè tout sa nou kapab pandan mwa mas, avril ak me, pou nou fè konnen bèl kalite Jewova yo !

[Kare nan paj 4]

Èske nou ka gen 2 500 pyonye oksilyè nan mwa avril ?

◼ Analize priyorite nou

◼ Pale de objektif nou an fanmi

◼ Pale ak lòt moun konsènan planifikasyon nou fè

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje