Fikse objektif pou w kondui yon etid biblik
1 “ Leve je nou gade jaden yo : yo tou blan pou rekòt. ” (Jan 4:35). Pa gen dout nan sa, pawòl sa yo Jezi Kris te di, aplikab nan sitiyasyon minis kretyen yo ap viv jodi a.
2 Nou toujou kontinye jwenn moun ki sensè ki vle aprann konnen chemen Jewova yo. Kantite nouvo disip Kris ki batize chak ane nan kongrè distri, nan asanble sikonskripsyon ak nan jounen asanble espesyal, pwouve sa. Si w ta renmen kondui yon etid biblik toutbonvre, ki sa w ka deside fè ?
3 Fikse yon objektif : Toudabò, fikse objektif pou w kondui yon etid biblik. Toujou gen objektif sa a nan lespri w pandan w ap travay nan ministè a. Piske misyon nou genyen an antanke kretyen gen ladan l preche ak anseye, nou tout dwe chèche okazyon pou nou kondui plis etid biblik. — Mat. 24:14 ; 28:19, 20.
4 Lòt bagay nou dwe kenbe nan lespri nou : Antanke pwoklamatè Wayòm nan, li endispansab pou nou priye Jewova sensèman. Pafwa, nou jwenn moun ki te priye pou yo jwenn èd espirityèl. Ala yon benediksyon sa ye lè Jewova sèvi avèk nou pou nou jwenn moun sa yo e pou nou anseye yo ! — Aga. 2:7 ; Tra. 10:1, 2.
5 Gen yon sè ki te priye Jewova pou l jwenn yon etid biblik. Apre sa, pandan li nan travay li, li te depoze plizyè feyè Èske w ta renmen konn Bib la pi byen ? yon kote moun ka wè. Gen yon dam ki te pran youn nan feyè sa yo, li li l, e apre sa li te kòmanse ranpli koupon ki nan do feyè a. Lè sa a, sè a te abòde dam nan. E se konsa yon etid biblik te kòmanse.
6 Pwoklamatè ki efikas nan kondui etid biblik kapab ankouraje nou pou nou atenn objektif nou genyen pou nou kondui yon etid biblik. Nou dwe priye Jewova pou l beni efò n ap fè pou nou jwenn yon etid biblik e pou nou tire pwofi nan tout dispozisyon ki pran pou nou atenn objektif sa a. Petèt, n ap gen lajwa kondui yon etid biblik byento.