Ede etidyan yo vin pwoklamatè bon nouvèl la
1 Jan Matye 28:19, 20 montre sa, misyon Jezi te konfye disip li yo se te yon misyon ki t apral pran yon kokenn ekstansyon an reyalite. Jezi te bay disip li yo lòd pou yo fè lòt disip, e disip yo t ap fè yo t ap gen pou yo vin patisipe nan travay fè disip la tou. Konsa, yo t apral poze baz pou travay pwoklamasyon bon nouvèl Wayòm Bondye a nan tan lafen an ki t ap yon epòk espesyal, anpalan de epòk n ap viv kounye a. — Mat. 24:14.
2 Etidyan nou yo gendwa se pitit nou, oubyen se kapab lòt moun ki dispoze etidye Labib avèk nou. Se ak tout kè nou nou vle ede yo pou yo akonpli responsablite pèsonèl yo genyen pou yo ede lòt moun vin disip Kris. — Lik 6:40.
3 Prepare etidyan w yo pou yo bay temwayaj : Ankouraje etidyan w yo pou yo pale de sa yo aprann yo ak lòt moun. Rakonte yo eksperyans ankourajan ou fè nan ministè a. Fòme pitit ou yo depi yo toupiti pou yo patisipe nan ministè a selon kapasite yo e pou yo pwodiktif ladan l (Sòm 148:12, 13). Demontre ni nan pawòl ou ni nan aksyon w ou renmen ministè a. — 1 Tim. 1:12.
4 Se sèlman moun ki aksepte prensip jis Jewova yo e ki obeyi yo Jewova aksepte. Se vre yon nouvo pwoklamatè pa gen menm valè eksperyans ak yon pwoklamatè batize ki gen eksperyans, men, nouvo pwoklamatè a dwe anmezi pou l esplike ansèyman de baz Bib la. (Gade liv Organisés a, paj 79-82.) Li dwe retire kò l nan “ Gran Babilòn nan ” nèt, li pa dwe nan politik e li dwe asiste tout reyinyon yo regilyèman. — Rev. 18:2, 4 ; Jan 17:16 ; Ebre 10:24, 25.
5 Osito w remake yon moun w ap etidye Labib avè l kalifye pou l vin yon pwoklamatè, ou ta dwe fè siveyan prezidan kongregasyon an konn sa. L ap pran dispozisyon pou de ansyen reyini avèk ou ansanm ak etidyan an pou yo egzamine si l kalifye pou l preche ansanm ak kongregasyon an. Apre sa, se ou menm k ap gen privilèj pou w kontinye ba l fòmasyon pandan w ap akonpaye l nan ministè a.