BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/08 p. 8
  • Konsole moun ki andèy yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Konsole moun ki andèy yo
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Konsole moun ki nan lapenn
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • “Kriye ak moun k ap kriye”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Lè yon moun pa nou mouri
    Kèk lòt sijè
  • ‘Konsole tout moun ki nan lafliksyon’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2008
km 4/08 p. 8

Konsole moun ki andèy yo

1. Poukisa moun ki gen moun pa yo ki mouri bezwen rekonfò ?

1 Lè yon moun gen yon moun pa l ki mouri, se yon sitiyasyon ki lage l nan gwo lapenn, sitou si moun sa a pa gen esperans Wayòm nan (1 Tes. 4:13). Souvan gen anpil moun ki konn ap mande : ‘ Poukisa moun mouri ? Ki kote moun ki mouri yo ale ? Èske m ap janm rewè moun pa m yo ki mouri ? ’ N ap jwenn kèk sijesyon pi ba a sou fason nou ka konsole moun nou rankontre nan tèritwa a ki gen fanmi yo oubyen zanmi yo ki mouri. — Iza. 61:2.

2. Si moun nou rankontre a di nou li gen yon moun pa l ki mouri, èske nou ta dwe rete ap ba l yon temwayaj byen long ?

2 Lè n ap preche kay an kay : Nou gendwa rankontre yon moun ki di nou li fèk sot gen yon moun nan fanmi l ki mouri. Pandan w ap parèt nan kay la, ou ka remake moun nan tris, l ap kriye, oubyen ou ka wè kay la ranpli ak moun ki sanble yo nan lapenn. Petèt se fanmi ak zanmi moun ki mouri a. Nan ka sa a, li ka pi bon pou w pa bay yon temwayaj byen long (Ekl. 3:1, 7). Ou ka annik prezante moun nan kondoleyans ou epi ou ba l yon feyè, yon peryodik oswa yon bwochi ki pale sou lanmò epi w ale. Apre sa, ou ka retounen nan yon moman ki pi apwopriye pou w pale plis avè l sou Bib la yon fason pou w ka konsole l.

3. Si sikonstans lan apwopriye, ki vèsè konsa nou ka li ak yon moun nou rankontre ki gen yon moun pa l ki mouri ?

3 Nan lòt okazyon, nou ka rann nou kont l ap pi bon pou nou pran plis tan pou nou pale ak moun nan depi premye fwa nou rankontre l. Sepandan, nan moman sa a, li pa t ap apwopriye pou n ap korije pwennvi ki pa kòrèk moun nan genyen. Li t ap pi bon pou nou li kèk vèsè nan Bib la ki pale sou pwomès rezirèksyon an (Jan 5:28, 29). Nou ka pale moun nan de sa Bib la di konsènan kondisyon moun ki mouri yo (Ekl. 9:5, 10). Si nou pale l de youn nan istwa rezirèksyon Bib la rapòte yo, sa ka rekonfòte l (Jan 11:39-44). Yon lòt bagay nou ka fè, se egzamine kèk nan pawòl Jòb te di yo, pawòl ki montre jan sèvitè fidèl sa a te mete espwa l nan Jewova (Jòb 14:14, 15). Anvan nou kite moun nan, nou ka ba l bwochi ki rele Que devient-on quand on meurt ?, oubyen Quand la mort frappe un être aimé. Oubyen tou nou ka kite liv Sa Labib anseye a pou li, n ap atire atansyon l sou chapit 6 la e n ap pran randevou pou nou vin egzamine sijè a pi an pwofondè.

4. Ki lòt okazyon nou genyen pou nou konsole moun ki gen moun pa yo ki mouri ?

4 Nan lòt okazyon : Si gen yon antèman k ap fèt nan Sal Wayòm nan e gen moun ki pa kwayan k ap la, nou ka mete piblikasyon ki apwopriye ak sikonstans lan disponib pou yo. Gen kèk responsab salon finerè ki toujou byen kontan gen kèk nan piblikasyon nou yo, sa ki pale sou lanmò yo, pou yo bay fanmi moun ki mouri yo. Pafwa, nan jounal, yo konn bay anons konsènan moun ki mouri. Sa ban nou okazyon pou nou ekri yon lèt tou kout voye bay fanmi moun ki mouri a pou nou rekonfòte l. Gen yon lè, gen yon pwoklamatè ki te voye yon lèt ansanm ak yon feyè bay yon vèf ansanm ak yon pitit fi l. Palasuit, yo te ale lakay pwoklamatè a, e mesye a te di pwoklamatè a : “ Èske se ou menm ki te voye lèt la pou mwen ? Mwen ta renmen konnen plis bagay sou Bib la ! ” Mesye sa a ansanm ak pitit fi l la te aksepte yon etid biblik e yo te kòmanse asiste reyinyon.

5. Poukisa nou ta dwe pwofite tout okazyon pou nou konsole moun ki gen moun pa yo ki mouri ?

5 Nan Eklezyas 7:2, Bib la di : “ Li pi bon pou yon moun ale nan kay kote ki gen dèy olye pou l ale nan kay kote ki gen fèt .” Jeneralman, moun ki gen moun mouri pi dispoze koute Pawòl Bondye pase moun k ap pran plezi yo. Nou tout ta dwe pwofite tout okazyon pou nou konsole moun ki andèy akoz yo gen moun pa yo ki mouri.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje