BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/08 p. 1
  • Preche san rete

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Preche san rete
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • N ap “ pote bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • “Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Ki jan yo pral fè tande ?
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Rezon ki fè nou toujou retounen kay moun yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2008
km 6/08 p. 1

Preche san rete

1 Dèfwa, nou ka santi nou preche tèritwa nou yo souvan e nou fè sa afon, men se de twa grenn moun ki enterese. Sepandan, gen bonjan rezon pou nou kontinye preche. — Mat. 28:19, 20.

2 Sa sèvi temwayaj : Jezi te predi travay preche bon nouvèl Wayòm nan t ap yon eleman enpòtan nan siy konpoze li te bay sou “ konklizyon sistèm nan ”, e travay sa a t ap fèt pou sèvi “ temwayaj pou tout nasyon ”. (Mat. 24:3, 14.) Lè moun yo wè n ap patisipe nan travay preche bon nouvèl Wayòm nan, sa bay yon kokenn temwayaj. Apre nou fin kite yon zòn, kèk moun ka toujou ap pale sou vizit nou te fè nan zòn nan pandan plizyè èdtan oubyen pandan plizyè jou, menmsi yo pa t koute mesaj la. Lefètke nou konprann rezon ki fè n ap preche, sa ede nou pèsevere nan ministè a. Nou fè Jewova plezi lè nou patisipe nan akonplisman pwofesi ki nan Bib la, lè nou bay moun yo temwayaj e lè nou fè yo tande mesaj avètisman an. — 2 Tes. 1:6-9.

3 Li nesesè pou nou pèsevere : Lefètke moun yo tèlman gen distraksyon e tèlman gen bagay ki pran tan yo, sa mande pèseverans lè n ap fè efò pou nou pousuiv enterè yo demontre. Gen yon pwoklamatè ki te vizite yon dam chak semèn e li te fè sa pandan yon ane anvan dam nan te resi envite pwoklamatè a antre lakay li e li te aksepte yon konvèsasyon biblik. Dam nan te tèlman renmen sa l te tande yo, li te aksepte yon etid biblik, li kòmanse asiste reyinyon yo e yon ti tan apre li mande pou l batize.

4 Kondisyon ki egziste nan monn nan chanje rapidman e se menm bagay la tou pou moun yo. Anpil moun ki pa t aksepte resevwa vizit nou lontan, kounye a, moun sa yo ka dispoze koute mesaj rafrechisan n ap preche a, yon mesaj ki pote espwa. Menmsi gen yon sèl moun ki byen reyaji devan mesaj Wayòm nan, pèseverans nou demontre a ap vo lapèn.

5 Toupatou sou latè, gen yon kantite moun k ap ‘ soupire e k ap jemi akoz tout bagay detestab k ap fèt ’ yo (Eze. 9:4). Bon rezilta nou jwenn nan travay preche Wayòm nan pwouve moun ki nan dispozisyon kòrèk yo byen reyaji devan mesaj Wayòm nan (Iza. 2:2, 3). Kidonk, annou kontinye preche san rete, avèk amou, annou pèsevere nan ‘ pote bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon an ’. — Iza. 52:7 ; Tra. 5:42.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje