BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/08 p. 1
  • Èske fanmi w ap prepare l pou l sove ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske fanmi w ap prepare l pou l sove ?
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Li “t ap mache avèk vrè Dye a”
    Annou imite lafwa yo
  • Noye te “mache byen ak Bondye”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Èske w prepare pou w sove ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Tout moun kapab aprann nan kasèt videyo Noé : il marchait avec Dieu a
    Ministè Wayòm nan — 2002
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2008
km 6/08 p. 1

Èske fanmi w ap prepare l pou l sove ?

1 Akonplisman pwofesi ki nan Bib la ban nou prèv konvenkan lafen monn mechan an ap pwoche rapidman. Jodi a n ap viv yon tan kritik ki sanble tèt koupe ak monn anvan delij la (Mat. 24:37-39). Noye te chape anba destriksyon ansyen monn nan, paske li “ t ap mache ak vrè Dye a ”. (Jen. 6:9.) Noye dwe te anseye fanmi l chemen Jewova yo paske yo menm tou yo te rete vivan. Nan ki sans nou ka imite Noye yon fason pou nou prepare nou pou nou sove antanke fanmi lè sistèm mechan sa a pral pran fen ?

2 Yon nonm ki t ap preche sa ki jis : Noye te pèsevere pandan anviwon 40 a 50 an antanke “ yon nonm k ap preche sa ki jis ”. (2 Pyè 2:5.) Vwazen l yo, kit yo te sibi enfliyans zanj rebèl ki te materyalize yo, kit yo pa t sibi enfliyans yo, t ap pase travay predikasyon Noye t ap fè a nan rizib. Byen souvan, nou jwenn moun ki pa enterese ak travay predikasyon n ap fè a e yo konn pase nou nan rizib, sa se prèv ki montre fen sistèm nan toupre (2 Pyè 3:3, 4). Sepandan, kontrèman ak moun nan epòk Noye yo, gen anpil moun ki byen reyaji devan efò nou fè e yo “ vin an foul ” pou yo adore Jewova (Iza. 2:2). Se sèlman si nou pèsevere nan travay la ‘ n ap sove ni nou menm ni moun k ap koute nou yo ’. (1 Tim. 4:16.) Se pa ti nesesè sa nesesè pou paran yo anseye pitit yo jan travay predikasyon an se yon travay ki ijan e yo dwe fè sa ni ak pawòl yo ni nan egzanp yo bay ! — 2 Tim. 4:2.

3 “ Konsa l te fè egzakteman ” : Noye ak fanmi l te chape paske yo te byen suiv enstriksyon Jewova te ba yo (Jen. 6:22). Nou menm tou jodi a, li enpòtan pou nou “ dispoze obeyi ” direksyon ni Bib la ni esklav fidèl la ban nou (Jak 3:17). Nan yon fanmi, timoun yo ki gentan gran kounye a sonje jan papa yo te konn aplike sijesyon òganizasyon Jewova a bay. Pa egzanp, yo sonje papa yo te konn fè etid familyal la chak semèn e li te mennen fanmi an nan predikasyon toule wikenn, jan yo konseye yo fè sa. Li te fè efò pou youn nan timoun yo akonpaye l nan ministè a chak semèn. Lefètke li te toujou fè efò pou l “ fè egzakteman ” sa l dwe fè, sa te fè gwo enpresyon sou timoun li yo, konsa sis nan timoun sa yo te vin sèvi Jewova fidèlman.

4 Lafen sistèm sa a ap rive sanzatann (Lik 12:40). Si nou imite Noye e nou demontre lafwa k ap pèmèt nou sove a, se sèten, ni nou menm ni fanmi nou ap pare. — Ebre 11:7.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje