Preparasyon se kle pou nou fè nouvèl vizit ki efikas
1. Ki metòd ki t ap sèvi pou etann ministè kretyen yo te kòmanse nan premye syèk la ?
1 Jezi te byen prepare disip li yo pou yo efikas antanke predikatè “ bon nouvèl wayòm nan ”. (Mat. 4:23 ; 9:35.) Yo te resevwa fòmasyon sa a nan ti zòn ki rele Palestin nan. Sepandan, anvan Jezi te monte nan syèl la, li te fè konnen ministè kretyen yo t ap akonpli a t ap gen pou l etann li byen lwen dekwa pou yo “ fè disip pami moun tout nasyon ”. — Mat. 28:19, 20.
2. Pou nou obeyi kòmandman Jezi bay pou nou “ fè disip ” la, ki sa sa mande ?
2 Travay sa a t ap mande pou yo retounen vizite moun ki enterese nan bon nouvèl Wayòm Bondye a e pou nou anseye yo pou yo obsève tout bagay Kris te kòmande yo. Pou nou fè vizit ki efikas nou bezwen byen prepare.
3. Kòman nou ka poze baz pou yon nouvèl vizit depi premye fwa nou rankontre yon moun ?
3 Poze baz la alavans : Gen kèk pwoklamatè ki fè efò pou yo poze yon kesyon nan fen konvèsasyon yo gen ak yon moun depi premye fwa yo rankontre l la e yo pwomèt li y ap tounen vin ba l repons kesyon an. Yo rann yo kont lè yo fè referans ak sa ki di nan liv Sa Labib anseye a nan nouvèl vizit la, sa ede yo kòmanse yon etid biblik menm kote a.
4. Poukisa nou pa dwe tann nou resevwa nouvo peryodik yo anvan nou retounen al fè yon nouvèl vizit ?
4 Lefètke se de nouvo peryodik sèlman nou resevwa chak mwa, sa pa vle di nou oblije tann nou resevwa pwochen peryodik yo anvan nou retounen al fè yon nouvèl vizit. Petèt, li posib pou nou eveye enterè moun yo si nou pale ak yo sou enfòmasyon ki nan peryodik yo deja genyen.
5. Ki avantaj ki genyen lè nou gen yon objektif nan lespri nou ?
5 Detèmine sa nou pral fè : Anvan nou retounen, pran kèk minit pou nou regade nòt nou yo pou nou ka detèmine sa nou vle fè. Pa egzanp, nou ka pale sou yon pwen ki nan piblikasyon nou te kite ak moun nan. Oubyen nou ka kite yon lòt piblikasyon ki gen rapò ak sijè nou te pale ak li dènye fwa a. Si nou te poze yon kesyon nan dènye konvèsasyon an, siman n ap gen nan objektif nou pou nou reponn kesyon sa a. Fè efò pou nou li dirèkteman nan Bib la yon vèsè ki kore yon pwen nou fin esplike l.
6. Ki objektif nou lè n al fè nouvèl vizit ?
6 Objektif nou : Natirèlman, objektif nou se kòmanse yon etid biblik. Gen yon frè ki te ofri yon mesye yon etid biblik lè li te retounen vizite l, men mesye a te refize. Frè a te retounen ak dènye nimewo peryodik yo e li te di mesye a : “ Pandan nou la a, n ap pwofite reponn yon kesyon biblik pou moun yo jodi a ”. Apre frè a te fin tande kòmantè mesye a fè sou kesyon an, frè a te li yon vèsè pou li, ansuit frè a li yon paragraf ki apwopriye nan yon piblikasyon ki fèt pou etid biblik. Sa te pèmèt frè a tou kòmanse yon etid.
7. Lefètke ou byen prepare, kòman sa te ede w kòmanse yon etid biblik ?
7 Lè nou pran tan pou nou prepare nouvèl vizit yo, efò nou fè a vo lapèn. Sa ap fè nou gen plis kè kontan, e nou ka gen privilèj pou nou ede yon moun ki nan “ dispozisyon kòrèk ” vin mache nan chemen lavi a. — Tra. 13:48.