Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 1ye out
“ Èske w kwè si moun yo te obeyi kòmandman nou pral li la a, yon kòmandman Jezi te bay, t ap gen plis kè kontan nan fanmi yo ? [Li Jan 13:34. Kite moun nan reponn.] Atik sa a montre ki jan ansèyman ak egzanp Jezi te bay yo aplike a chak manm nan fanmi an. ” Gade atik ki nan paj 16 ak 17 la.
Réveillez-vous! Out
“ Èske w panse gouvènman lèzòm yo ap reyisi rezoud pwoblèm rechofman planèt la ? [Kite moun nan reponn. Ansuit, li Jeremi 10:23.] W ap kontan li atik sa a. Li montre ki jan Bondye pral rezoud pwoblèm k ap menase planèt nou an. ”
La Tour de Garde 1ye septanm
“ Pifò moun konnen pawòl Jezi te di nan Matye 6:9 yo. [Li vèsè a.] Sepandan, anpil moun twouve li difisil pou yo santi yo pwòch ak Jewova tankou yon Papa. Ki sa w panse nou ka fè pou nou pwoche bò kote Bondye ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine plizyè kalite Papa nou ki nan syèl la genyen e li montre ki jan nou ka rive konnen l toutbonvre. ”
Réveillez-vous! Septanm
Pandan tout syèk ki pase yo, gen gwo deba ki fèt konsènan lavi apre lanmò. Ki pwennvi w sou sijè sa a ? [Kite moun nan reponn.] Gade ki jan Jòb te eksprime kwayans li sou kesyon sa a. [Li Jòb 14:14, 15.] Atik sa yo prezante pwennvi Bib la sou kesyon lavi apre lanmò a. ”