BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/08 p. 8
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2004
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2008
km 10/08 p. 8

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 1ye oktòb

“ Espesyalis yo rekonèt wòl enpòtan yon papa jwe nan lavi fanmi l. Ki sa w panse yon papa ka fè pou l yon bon papa ? [Kite moun nan reponn.] Jezi te montre jan egzanp Papa l te ede l. [Li Jan 5:19.] Atik sa a seleksyone sis aspè enpòtan nan wòl yon papa jwe. ” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 18 la.

Réveillez-vous! Oktòb

“ Moun nan divès kalite relijyon pa gen menm pwennvi sou jan Bondye ye vre. Men, ki jan Pitit Bondye a dekri Bondye ? Gade pawòl Jezi te di nan Jan 4:24. [Li vèsè a.] Nan de paj sèlman, atik sa a montre ki pwennvi Bib la sou kesyon sa a : “ Ki jan Bondye ye ? ” Montre moun nan atik ki nan paj 24 ak 25 lan.

La Tour de Garde 1ye novanm

“ Anpil moun gen pwoblèm pou yo fè kwayans yo genyen nan yon Bondye ki plen lanmou an mache ak ansèyman ki fè kwè moun mechan yo gen pou yo toumante nan yon dife lanfè etènèlman. Ki opinyon pa w sou sa ? [Kite moun nan reponn.] Bib la aprann nou Bondye pa yon Dye ki gen rankin ni li pa yon Dye ki malveyan. [Li Ezekyèl 18:23.] Mwen sèten, w ap apresye rezònman biblik yo prezante nan peryodik sa a sou sijè sa a. ”

Réveillez-vous! Novanm

“ Byen souvan, pou kèk moun, yon moun reyisi lè l selèb, li gen lajan oubyen li gen pouvwa. E pou ou menm, ki lè yon moun reyisi ? [Kite moun nan reponn.] Ann gade ki sa yon moun dwe fè pou l reyisi selon Labib. [Li Sòm 1:1-3.] Atik sa a atire atansyon sou sis bagay enpòtan si yon moun fè yo sa ap fè l reyisi. ” Montre moun nan atik ki nan paj 6 la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje