Anseye yon fason ki senp
1. Site yon aspè enpòtan ki ka fè yon ansèyman klè e efikas.
1 Senplisite se yon pwen ki enpòtan pou yon ansèyman efikas. Si nou egzamine fason Jezi, gran Anseyan an, te konn anseye, sa ap ede nou devlope plis ‘ladrès nan fason nou anseye’.—2 Tim. 4:2; Jan 13:13.
2. Pou nou anseye avèk senplisite, ki sa sa mande, e ki efè yon ansèyman konsa genyen sou moun ki resevwa l?
2 Pale yon fason ki senp: Nan sèmon sou montay la, nou jwenn kèk nan verite ki pi pwofon yon moun te ka eksprime, epoutan Jezi te eksprime tout verite sa yo yon fason ki senp (Mat. chap. 5-7). Foul moun ki t ap koute l yo “te rete bouch ouvè devan fason l anseye”. Ofisye yo te voye al arete l yo te santi yo pouse pou yo di: “Pa janm gen yon lòt moun ki pale konsa.” (Mat. 7:28, 29; Jan 7:46). Se sa k fè nou pa bezwen itilize mo save, fraz konplike, oswa egzanp konplike pou nou konvenk yon moun pou l aksepte laverite. Nou ka esplike yon moun laverite yon fason klè avèk mo tout moun abitye ak yo.
3. Poukisa gen kèk moun ki ka chèche bay moun k ap koute yo anpil enfòmasyon yon sèl kou, e ki sa nou ka fè pou nou evite sa?
3 Mezire kantite enfòmasyon etidyan an ka kenbe: Jezi te konn detèmine ki kantite enfòmasyon moun k ap koute l yo te ka kenbe alafwa (Jan 16:12). Menm jan an tou, nou dwe montre nou se bon obsèvatè e nou dwe fleksib, sitou lè n ap bay yon seri moun temwayaj tankou fanmi nou, moun ki fèk kòmanse enterese nan laverite oswa timoun. Nou ta dwe fè atansyon pou nou pa ba yo yon pakèt enfòmasyon yon sèl kou, menm lè yo montre nou y ap koute nou avèk atansyon. Si yo se moun ki gen kè onèt, y ap kontinye pran konesans Jewova, vrè Dye a, bay la.—Jan 17:3; 1 Kor. 3:6.
4. Poukisa li bon pou nou konsantre sou pwen prensipal yo olye nou rete sou detay?
4 Konsantre sou pwen prensipal yo: Jezi pa t bay moun ki t ap koute l yo twòp detay, sa ki te ka lage yo nan konfizyon. Lè li te di : “Tout moun ki nan tonm souvni yo [...] ap soti,” se pa t moman pou l te bay detay sou de kategori moun ki t ap gen pou resisite yo (Jan 5:28, 29). Lè n ap kondui etid biblik, nou ta dwe konsantre sou pwen prensipal yo e nou ta dwe evite tandans pou nou entwodui detay ki pa nesesè, detay ki pa nan sijè n ap egzamine a.
5. Ki benediksyon n ap jwenn si nou anseye yon fason ki senp?
5 Ala rekonesan nou rekonesan anvè Jewova lefètke li anseye nou tout sa nou dwe konnen e li fè sa yon fason ki senp (Mat. 11:25)! Nou swete pou nou fè efò pou nou rive anseye yon fason ki senp, e konsa n ap jwenn lajwa piske ministè nou ap pwodui bon rezilta.