Se pou nou byen prepare pou nou anseye moun yo
1. Lè n ap kondui yon etid biblik, poukisa nou dwe fè efò pou nou ede etidyan an apresye sa li aprann yo?
1 Lè n ap kondui yon etid biblik, si nou vle motive etidyan an pou l sèvi Jewova, nou dwe byen prepare etid la. Efò n ap fè yo ap bay bon rezilta si nou ede etidyan an apresye sa l aprann nan Bib la. Sa ap fè l vin gen dezi pou l aji ann amoni ak sa l ap aprann yo (Det. 6:5; Pwo. 4:23; 1 Kor. 9:26). Men, ki jan nou ka fè sa?
2. Ki wòl lapriyè jwe nan yon bon preparasyon?
2 Mande Jewova pou l ede nou lè n ap prepare etid la: Piske se Jewova k ap fè grenn verite nou simen nan kè etidyan an grandi, anvan nou kòmanse prepare etid la, li bon pou nou priye ni pou etidyan an ni pou bezwen l genyen (1 Kor. 3:6; Jak 1:5). Priyè sa yo ka fè nou disène fason nou ka ede etidyan an plis toujou pou l ranpli kè l “ak konesans egzak” sou volonte Jewova. — Kol. 1:9, 10.
3. Ki jan nou ka panse ak etidyan an pandan n ap prepare etid la?
3 Panse ak etidyan an: Jezi te konnen li enpòtan pou nou panse ak moun k ap koute nou yo si nou vle anseye yo yon fason efikas. Nan omwen de okazyon, yo te poze Jezi menm kesyon an: “Ki sa pou m fè pou m eritye lavi etènèl?” A chak fwa, li te reponn yon fason diferan (Lik 10:25-28; 18:18-20). Nou dwe panse ak etidyan an pandan n ap prepare etid la. Nan vèsè yo bay kòm referans yo, kiyès ladan yo n ap li avè l? Konbyen paragraf n ap bezwen egzamine avè l? Ki pwen nan leson an etidyan an ka gen difikilte pou l konprann oswa pou l aksepte? Si nou reflechi alavans sou kèk nan kesyon etidyan an ka poze, n ap pi byen prepare pou nou reponn yon fason efikas.
4. Ki sa yon bon preparasyon vle di?
4 Egzamine pati nou pral fè a: Kèlkeswa kantite fwa nou te egzamine pati sa a anvan sa, se ap premye fwa nou pral fè l ak etidyan sa a. Si nou vle touche kè l, li esansyèl pou nou fè yon bon preparasyon chak fwa nou pral fè etid la. Sa vle di, sa n ap ankouraje etidyan nou yo pou yo fè se sa nou menm nou fè. Egzamine pati a, vèsè yo bay kòm referans yo, toutpandan n ap panse ak etidyan an, e petèt l ap bon pou nou souliye pwen kle yo. — Wom. 2:21, 22.
5. Ki sa nou ka fè pou nou imite Jewova?
5 Jewova enterese toutbon nan pwogrè chak etidyan ap fè (2 Pyè 3:9). Lè nou pran tan pou nou prepare chak fwa nou pral fè etid la, nou montre nou gen lanmou pou etidyan nou yo e nou sousye de yo, konsa nou imite Jewova.