Annou bay tout nou menm pou nou ede etidyan nou yo
1. Ki sa sa mande pou nou ede etidyan nou yo?
1 Pou nou ede etidyan nou yo fikse objektif pou yo vwe lavi yo bay Jewova, sa mande plis pase annik fè etid ak yo regilyèman. Apot Pòl te konpare relasyon li genyen ak moun li t ap anseye yo ak relasyon ki egziste ant yon nouris ak pitit li li renmen. Nou menm tou, nou pran plezi pou nou bay “pwòp nanm” nou, sa vle di pou nou bay tout nou menm pou nou ede etidyan nou yo pwogrese espirityèlman. —1 Tes. 2:7-9.
2. Poukisa nou dwe montre nou enterese pèsonèlman nan etidyan nou yo, e kòman nou ka fè sa?
2 Montre nou enterese pèsonèlman nan yo: Ofiramezi yon etidyan ap aplike prensip l ap aprann yo, konsyans li ap pouse l sispann frekante moun ki pap viv ann amoni ak prensip biblik yo (1 Pyè 4:4). Moun nan fanmi l ka meprize l (Mat. 10:34-36). Nou ka ede l konble vid afektif sa a lè nou montre nou enterese pèsonèlman nan li. Gen yon misyonè ki gen anpil eksperyans ki bay konsèy sa a: “Pa prese ale lè nou fin fè etid la. Si sa posib, fè yon ti rete epi pale avèk etidyan an pandan yon ti tan.” Se pou nou toujou prèt pou nou ofri etidyan an èd nou, fè sa yon fason pratik. Pa egzanp, si l malad, èske nou pa ta ka telefone l oubyen èske nou ta ka pase wè l? Èske nou pa ta ka chita bò kote l nan reyinyon, yon fason pou nou ede l ak pitit li, si sa apwopriye?
3. Ki sa nou ka fè pou nou ede etidyan nou yo resevwa ankourajman nan kongregasyon an?
3 Èd yo ka resevwa nan kongregasyon an: Si w toupre lakay yon etidyan pandan w nan ministè a, poukisa w pa fè yon ti pase wè l pou w fè l fè konesans ak pwoklamatè ki patnè w la? Lè sa apwopriye, tanzantan, mande diferan pwoklamatè pou yo akonpaye w nan etid la, chwazi ansyen pami yo. Anplis de sa, tousuit apre etid la fin etabli, ankouraje etidyan an pou l asiste reyinyon kongregasyon an nan Sal Wayòm nan. Sa ap pèmèt li pwofite bonjan konpayi frè ak sè yo nan kongregasyon an, yo menm petèt k ap vin yon fanmi espirityèl pou li. —Mak 10:29, 30; Ebre 10:24, 25.
4. Nan ki sans efò n ap fè pou nou ede etidyan nou yo ap beni?
4 Paran ki toujou ap ede pitit yo espirityèlman, kontan anpil lè yo wè pitit yo pran pozisyon pou Jewova e y ap mache nan laverite (3 Jan 4). Nou ka gen menm jwa sa a tou si nou bay tout nou menm pou nou ede etidyan nou yo.