BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/10 p. 1
  • Èske m kalifye pou m preche?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske m kalifye pou m preche?
  • Ministè Wayòm nan — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Annou preche bon nouvèl Wayòm nan
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • “ Suiv tras li fidèlman ”
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Ki jan nou rive preche bon nouvèl la?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • “Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2010
km 1/10 p. 1

Èske m kalifye pou m preche?

1. Poukisa nou pa dwe santi nou manke kalifye pou nou preche?

1 Si sa konn rive ou poze tèt ou kesyon konsa, pa dekouraje. Anfèt, se pa ni enstriksyon nou resevwa lekòl ni don nou gen lakay nou ki kalifye nou antanke minis Bondye. Yo te dekri kèk nan disip Jezi ki t ap viv nan premye syèk la kòm moun ki “san enstriksyon, moun òdinè”. Poutan yo te preche bon nouvèl la yon fason efikas paske yo te detèmine pou yo suiv bèl egzanp Jezi kite pou yo. —Tra. 4:13; 1 Pyè 2:21.

2. Site kèk bagay ki remakab nan ansèyman Jezi yo.

2 Fason Jezi te konn anseye: Ansèyman Jezi yo te senp, yo te pratik e yo te fasil pou moun konprann. Kesyon li te konn poze, egzanp li te konn pran ak entwodiksyon senp li te konn itilize yo te kapte atansyon moun ki t ap koute l yo (Mat. 6:26). Li te montre li enterese toutbon nan moun yo (Mat. 14:14). Anplis de sa, Jezi te pale avèk konviksyon, li te pale avèk otorite, li te konnen Jewova te chwazi l e li te ba l pouvwa pou l akonpli misyon li te konfye l la. —Lik 4:18.

3. Ki fason Jewova ede nou akonpli ministè nou?

3 Jewova ede nou: Gran Kreyatè nou an sèvi ak Pawòl li ansanm ak òganizasyon l lan pou l ban nou fòmasyon nou bezwen pou nou preche bon nouvèl la yon fason efikas (Iza. 54:13). Etandone Jewova te konsève metòd Jezi te konn anseye yo pa ekri, nou anmezi pou nou analize yo e pou nou imite yo. Jewova ban nou lespri sen l e Jewova fòme nou grasa reyinyon ki fèt nan kongregasyon an (Jan 14:26). Mete sou sa, li ban nou pwoklamatè ki gen eksperyans ki ka ede nou vin pi efikas nan ministè a.

4. Poukisa nou gen tout rezon pou nou santi nou kalifye pou nou pataje bon nouvèl la ak lòt moun?

4 Nou gen tout rezon pou nou santi nou kalifye pou nou preche, piske ‘kalifikasyon nou genyen an se nan Bondye li soti’. (2 Kor. 3:5.) Toutpandan nou konte sou Jewova e nou byen suiv dispozisyon li pran yo, dispozisyon ki montre li renmen nou, n ap vin ‘kalifye nèt, n ap vin ekipe totalman pou tout zèv ki bon’. —2 Tim. 3:17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje