BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/10 p. 3
  • Èske w di w a gentan?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w di w a gentan?
  • Ministè Wayòm nan — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Èske w di w a gen tan ?
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Èske w pare pou yon ijans medikal?
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Èske w konnen diferan posiblite w genyen yo ?
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Èske w konnen diferan posiblite w genyen yo?
    Ministè Wayòm nan — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2010
km 1/10 p. 3

Èske w di w a gentan?

W a gentan pou fè ki sa? Pou ranpli kat DPA yo bay pou Temwen batize yo. Piske “nou pa konnen sa lavi nou ap ye demen”, li trèzenpòtan pou nou deside alavans ki tretman medikal n ap aksepte si nou ta gen yon ijans medikal e pou nou ekri sa nou deside a sou papye (Jak 4:14; Tra. 15:28, 29). Pou ede nou, yo te fè videyo Soigner sans transfuser — Besoins et droits du patient. Gade videyo a, e apre sa, nan lapriyè, sèvi ak kesyon ki pi ba yo pou w fè yon revizyon sou sa w te aprann yo. —Note sa: Piske videyo a gen kèk ti sèn kote y ap fè moun operasyon, paran yo ta dwe deside si y ap gade videyo a avèk timoun piti yo.

1) Poukisa gen kèk pwofesyonèl nan sektè medikal la k ap rekonsidere kesyon transfizyon san an? 2) Bay twa egzanp operasyon konplike ki te fèt san transfizyon san. 3) Ki kantite doktè ak chirijyen nan lemonnantye ki montre yo dispoze fè operasyon e yo dispoze trete pasyan yo san transfizyon san? Poukisa yo dispoze fè sa? 4) Ki sa denye rechèch ki fèt nan lopital yo montre konsènan itilizasyon san? 5) Ki risk ki egziste nan pran san? 6) Ki konklizyon anpil espesyalis rive fè konsènan avantaj ki genyen nan tretman ki fèt san yo pa itilize san? 7) Ki sa ki lakòz moun fè anemi? Jis nan ki pwen kò a ka tolere yon anemi? Ki sa ki ka fèt pou diminye efè yon anemi? 8) Ki sa ki ka fèt pou ede kò yon pasyan pwodui plis globil wouj? 9) Ki teknik yo konn itilize pou yo anpeche moun k ap fè operasyon yo pèdi twòp san? 10) Èske tretman san transfizyon san yo efikas nan ka timoun piti oubyen lè gen ijans, kote lavi yon moun an danje? 11) Site youn nan prensip moral doktè yo dwe suiv si yo vle bay bonjan swen medikal. 12) Poukisa li enpòtan pou yon kretyen pran desizyon byen alavans sou tretman l ap aksepte apa transfizyon san? Ki jan li ka fè sa?

Lè yon moun aksepte kèk nan tretman yo te montre nan videyo a se yon desizyon pèsonèl li pran ann akò ak konsyans li ki byen fòme grasa Labib. Èske w pran yon desizyon presi konsènan ki tretman medikal ou dispoze aksepte pou tèt ou ak pou pitit ou, epi apre sa ou ranpli kat DPA a? Pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou sijè sa a byen egzamine chapit 7 nan liv “Rete nan lanmou Bondye” a ak referans ki ladan l yo. Anplis de sa, gade paj mitan Ministè Wayòm novanm 2006 nan atik ki gen tit: “Ki pwennvi mwen genyen sou kesyon fraksyon san ak sou kesyon tretman medikal kote pwòp san m enplike?” Finalman, asire w ou byen ekri chwa w fè yo sou kat DPA a. Ni moun ou chwazi kòm “personne de confiance” lan ni moun ou chwazi kòm “personne de confiance remplacante” lan, ni manm fanmi w ki pa Temwen, yo tout ta dwe byen konnen desizyon w pran yo.

[Kare nan paj 3]

• Èske w deside ki tretman medikal ou dispoze aksepte pou tèt ou ak pou pitit ou?

• Èske kat DPA ou byen ranpli a toujou sou ou pou sizoka ta gen yon ijans?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje