BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/10 p. 1
  • Nou dwe konvenk moun yo lè n ap anseye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou dwe konvenk moun yo lè n ap anseye
  • Ministè Wayòm nan — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Byen aplike vèsè yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Èske w defann Pawòl Bondye a ?
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Byen sèvi ak “epe lespri a”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Ki jan pou nou konvenk lòt moun
    Ministè Wayòm nan — 2001
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2010
km 4/10 p. 1

Nou dwe konvenk moun yo lè n ap anseye

1. Pou nou byen sèvi ak pawòl Bondye a nan ministè a, ki sa sa mande pou nou fè souvan?

1 Menm jan ak apot Pòl, minis ki efikas yo konprann fòk yo fè plis pase annik site vèsè ki nan Bib la pou yo rive “manyen pawòl verite a kòrèkteman”. (2 Tim. 2:15.) Lè n ap sèvi ak Pawòl Bondye a pou nou anseye moun yo, ki sa nou ka fè pou nou rive “konvenk” yo? —Tra. 28:23.

2. Ki jan nou ka ankouraje moun yo pou yo gen plis respè pou Pawòl Bondye a?

2 Kite Pawòl Bondye a pale: Premyèman, dirije atansyon moun yo sou Bib la yon fason pou ankouraje yo pou yo gen respè pou sajès ki soti nan Bondye nou jwenn nan liv sa a. Konfyans nou demontre nou gen nan Pawòl Bondye a ka pouse moun n ap pale avè l la pou l koute avèk anpil atansyon lè n ap li yon vèsè nan Bib la (Ebre 4:12). Men sa nou ka di moun nan: “Mwen twouve l pwofitab lè nou konnen panse Bondye sou sijè sa a. Gade sa Bib la di sou sa.” Chak fwa sa posib, li yon vèsè dirèkteman nan Bib la, konsa n ap kite Pawòl Bondye a pale.

3. Apre nou fin li yon vèsè nan Bib la, ki sa nou ka fè pou nou ede moun k ap koute nou an konprann li?

3 Dezyèmman, esplike moun yo vèsè nou li yo. Pou anpil moun, li difisil pou yo konprann yon vèsè premye fwa yo li l. An jeneral, moun yo bezwen yon esplikasyon pou yo ka rive konprann rapò vèsè a genyen ak sijè n ap egzamine a (Lik 24:26, 27). Dirije atansyon moun nan sou mo kle yo ki nan vèsè a. Nou ka poze moun nan yon kesyon pou nou asire nou li byen sezi pwen an. —Pwo. 20:5; Tra. 8:30.

4. Ki dènye bagay nou bezwen fè pou nou konvenk moun yo lè n ap anseye?

4 Rezone ak moun yo sou Bib la: Twazyèmman, chèche touche lespri moun nan e fè efò pou touche kè l. Ede moun n ap preche a wè jan l ka aplike vèsè a pèsonèlman. Lè nou rezone sou Bib la ak moun yo, sa ka ankouraje yo pou yo chanje fason yo panse (Tra. 17:2-4; 19:8). Pa egzanp, lè nou fin li Sòm 83:18 ak moun nan, nou ka rezone avè l sou jan l enpòtan pou nou konnen non yon moun si nou ta renmen devlope yon relasyon pèsonèl avè l. Ansuit, nou ka mande l: “Èske w panse priyè w yo ap gen plis sans si w konnen non Bondye?” Nou demontre valè pratik pawòl ki nan Bib la genyen lè nou montre moun nan jan vèsè a gen yon rapò dirèk ak vi pèsonèl li. Lè nou sèvi ak Pawòl Bondye a pou nou anseye moun yo e pou nou konvenk yo, n ap atire moun ki sensè yo vin adore Jewova, sèl vrè Dyea, Bondye vivan an. —Jer. 10:10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje