BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/10 p. 1
  • “Èske je nou senp?”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Èske je nou senp?”
  • Ministè Wayòm nan — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Ann kenbe je nou senp
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Lè nou mennen yon vi ki senp, sa ede n bay Bondye louwanj
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • Revizyon pou jounen asanble espesyal la
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Ki sa ekspresyon “je pou je” a vle di?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2010
km 6/10 p. 1

“Èske je nou senp?”

1. Ki sa sa vle di pou ‘je nou senp’?

1 Bagay n ap gade ak je nou gen enfliyans sou aksyon nou. Se pa ti apwopriye pawòl sa yo Jezi te di apwopriye: “Si je w senp, tout kò w ap klere”! (Mat. 6:22.) Lè je nou “senp” espirityèlman, li fikse sou yon sèl objektif: fè volonte Bondye. Nou mete Wayòm nan an premye nan lavi nou e nou pa kite bagay materyèl ki pa nesesè distrè nou ni nou pa kite lòt aktivite pran pye sou aktivite nou nan ministè a.

2. Ki sa ki ka defòme konsepsyon nou genyen sou sa ki nesesè, men ki sa ki ka ede nou?

2 Nou bezwen egzamine tèt nou: Reklam y ap fè nan medya yo k ap di nou sa nou bezwen oubyen bagay nou wè lòt moun genyen ka defòme konsepsyon nou genyen sou sa ki nesesè. Anvan nou antre nan yon pwojè oubyen anvan nou achte yon bagay k ap mande pou nou envesti yon kantite tan, yon bann lajan ak yon pakèt enèji, li ta bon pou nou “kalkile depans lan”, lè nou poze tèt nou kesyon sa a: ‘Èske sa ap ede m amelyore adorasyon m ap bay Jewova a oubyen èske sa ap fè l pi difisil pou m sèvi Jewova?’ ​(Lik 14:28; Fil. 1:9-11). Anplis de sa, tanzantan, li bon pou nou egzamine ki lòt bagay nou ka fè pou nou senplifye lavi nou dekwa pou nou ka fè plis nan ministè a. —2 Kor. 13:5; Efe. 5:10.

3. Ki sa nou aprann nan egzanp sè ki te fè ajisteman pou l senplifye lavi l la?

3 Gen yon sè ki te kòmanse sèvis pyonye pèmanan toutpandan li te chwazi rete nan travay aplentan li te ye a, alòske yon travay amitan t ap pèmèt li jwenn ase kòb pou l pran swen tèt li. Finalman, men konklizyon li te fè sou sitiyasyon l lan: “Pèsòn pa ka sèvi de mèt alafwa. Mwen te oblije sakrifye dezi m genyen pou m bay tèt mwen sa m bezwen. Mwen rann mwen kont, yon fwa m fin gen bagay materyèl yo, aprè kèk tan, yo pase mòd e yo pa enterese m ankò, si m ap kontinye fè efò pou m bay tèt mwen bagay sa yo m ap faya.” Sitiyasyon l te ye a te pèmèt li fè ajisteman pou l senplifye lavi l, konsa li te chanje travay, sa te pèmèt li kontinye nan sèvis pyonye.

4. Poukisa kounye a li ijan pou je nou toujou rete senp?

4 Piske gen ijans nan epòk nou an, sa fè li vin pi enpòtan toujou pou je nou toujou rete senp. Chak jou ki pase fè nou vin pi pre lafen sistèm sa a e konsa, nou vin pi pre monn nouvo Bondye pwomèt la (1 Kor. 7:29, 31). Lè nou rete konsantre sou travay predikasyon an, nou ka sove ni tèt nou, ni moun ki koute nou yo. —1 Tim. 4:16.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje