Aktivite nou dwe bay premye plas nan lavi nou
1. Ki jan Jezi te demontre ministè a te enpòtan pou li?
1 Ministè a te okipe premye plas nan lavi Jezi. Li te bay tout li menm nan preche Pawòl Bondye a. Li te fè plizyè santèn kilomèt ap mache nan tout Palestin pou l te ka preche plis moun posib. Jezi te mennen yon vi ki senp pou l te ka pase plis tan nan ministè a e pou l te ka konsantre l plis sou aktivite sa a (Mat. 8:20). Lè foul moun yo te eseye anpeche Jezi al kite yo dekwa pou l te ka rete geri moun malad yo, men sa l te di: “Mwen dwe al anonse bon nouvèl wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa Bondye te voye m.” —Lik 4:43.
2. Poukisa ministè a te gen anpil enpòtans pou Jezi?
2 Poukisa ministè a te gen anpil enpòtans pou Jezi? Prensipal sousi l se te sangtifikasyon non Jewova (Mat. 6:9). Li te renmen Papa l ki nan syèl la anpil, e akoz lanmou sa a, li te vle akonpli volonte Papa l e obeyi tout kòmandman l yo (Jan 14:31). Anplis de sa, Jezi te gen yon lanmou sensè nan kè l pou moun yo e li te vle ede yo. —Mat. 9:36, 37.
3. Kòman nou ka demontre nou konsantre nou sou ministè a?
3 Imite egzanp Jezi: Li ka difisil pou nou rete konsantre sou ministè a menm jan Jezi te fè sa. Rezon an sèke monn nan egzije pou nou pase anpil nan tan nou nan lòt aktivite e li ofri nou divès kalite distraksyon (Mat. 24:37-39; Lik 21:34). Pakonsekan, nou dwe asire nou nou rekonèt bagay ki pi enpòtan yo, nou dwe pwograme tan regilyèman pou nou prepare nou pou travay predikasyon an e pou nou patisipe ladan l (Fil. 1:10). N ap fè efò pou n kenbe vi senp n ap mennen an e pou n evite sèvi ak monn nan nèt. —1 Kor. 7:31.
4. Poukisa li esansyèl kounye a pou nou kontinye bay sa k pi enpòtan an premye plas nan lavi nou?
4 Lè pa gen ase tan pou fè anpil bagay, yon moun ki saj ap fè sa k pi enpòtan an an premye. Pa egzanp, si yon moun aprann gen yon gwo tanpèt ki danjere k ap vin frape zòn kote li rete a, sandout, l ap bay tan l ak enèji l pou l fè preparasyon pou l asire sekirite fanmi l e pou l avèti vwazen l yo. Se pa aktivite ki gen mwens enpòtans yo l ap fè an premye. Tan ki rete pou tanpèt Amagedòn nan rive a kout (Sef. 1:14-16; 1 Kor. 7:29). Pou nou ka rive sove ni tèt nou ni moun ki koute nou yo, nou dwe veye sou tèt nou ak sou ansèyman nou, kit se anndan kongregasyon an, kit se deyò kongregasyon an (1 Tim. 4:16). Wi, l ap posib pou nou sove tèt nou si nou kontinye bay ministè a premye plas nan lavi nou.